Pa gen anyen ki pi lou nan balans yon kwayan nan Jou Jijman an pase yon bon konpòtman (bon karaktè); epi tout bon, Allah rayi moun ki gen move bouch (ki di vye pawòl sal) ak moun ki gen move zak.
Daprè Abou ad-Darda (ke Allah satisfè de li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Pa gen anyen ki pi lou nan balans yon kwayan nan Jou Jijman an pase yon bon konpòtman (bon karaktè); epi anverite, Allah rayi moun ki pale sal (ki gen move bouch) ak moun ki gen move konpòtman ki depase limit. »
«مَا شَيْءٌ أَثْقَلُ فِي مِيزَانِ الْمُؤْمِنِ يَوْمَ القِيَامَةِ مِنْ خُلُقٍ حَسَنٍ، وَإِنَّ اللَّهَ لَيُبْغِضُ الفَاحِشَ البَذِيءَ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke bagay ki pi lou nan balans kwayan an Jou Jijman an pami aksyon ak pawòl yo, se yon bèl konpòtman, epi sa manifeste atravè yon vizaj akeyan, evite fè moun ditò, ak fè sa ki byen. "Epi Allah, Trè Wo a, rayi moun ki lèd nan aksyon li ak nan pawòl li, ki vilgè nan sa lang li ap pwononse."
...:
Valè ak bèlte yon bon konpòtman (bon karaktè); paske li fè moun ki genyen li an jwenn lanmou Allah ak lanmou sèvitè li yo (moun yo), epi se li menm ki pi gwo bagay kap peze nan balans lan nan Jou Jijman an.
Sounna Abou Dawoud (7/ 177) (4799).
Sounna At-Tirmidhi (3/ 535) (2002).
Plis (10)
توضيح الأحكام من بلوغ المرام.
لعبد الله البسام (7/ 487).
منحة العلام شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (10/ 264).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 673).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل مبارك (ص410).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (1/ 526).