Pa gen enfeksyon (ki transmèt poukont li san volonte Allah), pa gen move siy/sipèstisyon sou zwazo, pa gen move lespri nan tèt mò, pa gen malediksyon nan mwa Safar; epi kouri pou moun ki gen lèp la menm jan ou ta kouri pou yon lyon.
Daprè Abu Hurayrah (se pou Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Pa gen maladi atrapan ('Adwa), ni move siy (sipèstisyon), ni zwazo kap pote malè (Hamah), ni move chans nan mwa Safar , epi kouri pou moun ki gen lèp la menm jan wap kouri pou yon lyon».
«لاَ عَدْوَى وَلاَ طِيَرَةَ، وَلاَ هَامَةَ وَلاَ صَفَرَ، وَفِرَّ مِنَ المَجْذُومِ كَمَا تَفِرُّ مِنَ الأَسَدِ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te klarifye kèk koutim ak kwayans ki te genyen nan epòk kote moun yo te nan gwo inyorans (Jahiliya), poul te ka avèti yo kont sa, epi montre tout bagay nan men Allah, epi pa gen anyen ki ka fèt san lòd Li ak volonte Li. Men kwayans sa yo : Premyèman : Moun nan epòk inyorans lan (Jahiliya) te panse maladi te ka transmèt bay yon lòt moun poukont li (ak pwòp fòs pal). Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi kwayans sa a ki fè konprann maladi a pase soti nan yon moun malad pou ale sou yon lòt selon natil sèlman; paske se Allah ki gen kontwòl linivè a nèt. Se Li menm ki voye maladi a epi se Li ki gerim, epi pa gen anyen nan sa ki ka rive san volonte ak desizyon Li. Dezyèm nan: Moun nan epòk Jahiliyya (tan inyorans) yo, lè yo te konn ap soti pou yon vwayaj oswa pou fè komès, yo te konn pouse yon zwazo vole (pou tiraj osò); si zwazo a te vole sou bò dwat, yo te pran sa kòm yon bon siy, epi si li te vole sou bò gòch, yo te pran sa kòm yon move presantiman epi yo te tounen (anile vwayaj yo a). Konsa, Pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah sou li) te entèdi kalite sipèstisyon sa a kote yap chèche move siy nan zwazo, epi li te eksplike klèman ke li se yon kwayans ki fo( ki pa verite) Twazyèmman : Moun nan epòk inyorans lan (Jahiliya) te konn di : si yon chwèt poze sou yon kay, gen yon malè ki pral rive moun ki rete ladan li yo. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi pou moun gen kwayans sipèstisye sa a oswa wè sa kòm yon move siy. Katriyèmman : Li te entèdi pou moun panse mwa Safar pote move chans, ki se dezyèm mwa nan kalandriye linè a. Genyen tou ki te di "Safar" se te: yon vè/koulèv nan vant ki te konn atake bèt ak moun, kote yo te pretann li te plis bay enfeksyon pase maladi lagal; li te rejte kwayans sa a tou. Senkyèmman : Li te bay lòd pou moun rete lwen moun ki gen maladi lèp la menm jan ou ta kouri pou yon lyon, epi sa se yon mezi prevansyon pou pwoteje tèt ou, chèche rete an sante, epi aplike mwayen pratik Allah mande pou nou pran yo. Lèp la se yon maladi ki konn fè manm kò moun deteryore epi tonbe.
Obligasyon pou mete konfyans nan Allah ak apiye nèt sou Li, epi poze aksyon ki lejitim yo.
Li obligatwa pou kwè nan desizyon ak plan Allah, epi kwè tout kòz yo se nan men Allah yo ye; se li menm ki fè yo aji oswa ki anile efè yo.
Rejte epi anile sa kèk moun konn fè lè yap panse gen move chans nan koulè, tankou nwa ak wouj, oswa nan kèk nimewo, non, moun an patikilye, ak moun ki gen andikap.
Lè li entèdi pou pwoche bò kote moun ki gen lèp ak lòt moun ki gen maladi ki ka transmèt yo, sa fè pati mwayen ak lwa natirèl Allah tabli ki konn mennen nan konsekans yo. Mwayen sa yo pa aji poukont yo; se pito Allah ki kapab, si Li vle, retire tout fòs yo pou yo pa fè anyen, epi si Li vle tou, Li kite fòs yo aji pou yo fè efè.
Sahih Al-Bukhari (7/ 126) (5707).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1742) (2220).
Plis (10)
فتح المجيد شرح كتاب التوحيد.
لعبد الرحمن التميمي (ص307).
القول المفيد على كتاب التوحيد.
لابن عثيمين (1/ 565).
الملخص في شرح كتاب التوحيد.
لصالح الفوزان (ص228).
الجديد في شرح كتاب التوحيد.
لمحمد القرعاوي (ص253).
التمهيد لشرح كتاب التوحيد.
لصالح آل الشيخ (ص77).