Skip to content

"Malè pou li, aprèsa malè pou li, aprèsa malè pou li." Yo te mande: 'Kiyès sa a, O Mesaje?' Pwofèt la di: 'Se moun ki jwenn paran li yo lè yo granmoun, youn nan yo oswa tou 2 epi li pa antre nan Paradi.'

Daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè ak li), daprè Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di:

'Malè pou li, aprèsa malè pou li, aprèsa malè pou li.' Yo te mande: 'Ki moun? O Mesaje Allah.' Pwofèt la di: 'Moun ki jwenn paran li yo nan vyeyès yo, youn nan yo oswa yo tou 2 epi li pa antre nan Paradi a.'

«رَغِمَ أَنْفُ، ثُمَّ رَغِمَ أَنْفُ، ثُمَّ رَغِمَ أَنْفُ»، قِيلَ: مَنْ؟ يَا رَسُولَ اللهِ قَالَ: «مَنْ أَدْرَكَ أَبَوَيْهِ عِنْدَ الْكِبَرِ، أَحَدَهُمَا أَوْ كِلَيْهِمَا فَلَمْ يَدْخُلِ الْجَنَّةَ».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), te fè envokasyon pou imilyasyon ak wont jiskaske sa rive nan pwen kòmsi moun nan te mete nen li nan pousyè tè a - li te repete sa 3 fwa - epi yo te mande li: Kiyès sa a, O Mesaje Allah, ke ou te fè envokasyon kont li a? Epi li te di (Lapè ak benediksyon Allah sou li): Nenpòt moun ki jwenn paran li yo lè yo rive nan vyeyès - swa youn ladan yo oswa yo tou 2 -, epi yo pa sèvi kòm yon kòz pou li antre nan Paradi; se akòz li pat aji byen avèk yo epi li te dezobeyi yo.

Pami benefis Hadith la

Obligasyon pou onore paran yo, epi sa se youn nan mwayen pou antre nan Paradi, sitou lè laj ap antre sou yo epi yo pa gen fòs ankò.

Dezobeyisans anvè paran yo se pami pi gwo peche yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1978) (2551).

(16/ 108).

Plis (7)

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (1/ 394).

نزهة المتقين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 308).

فيض القدير شرح الجامع الصغير.

زين الدين المناوي (4/ 34).

شرح النووي على مسلم.