Sètènman, 2 priyè sa yo se priyè ki pi lou pou ipokrit yo, epi si nou te konnen sa ki gen ladan yo, nou tap vin akonpli yo menmsi nou ta oblije rale sou jenou nou.
Daprè Ubayy bin Ka'b (se pou Allah satisfè avèl), li di:
Yon jou, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè lapriyè douvanjou (Fajr/Sobh) ansanm avèk nou, epi li te mande: «Èske entèl la ?» Yo reponn: «Non.» Li te mande ankò: «Èske entèl la ?» Yo reponn: «Non.» Lè sa a li te di: «Anverite, 2 priyè sa yo se priyè ki pi lou (pi difisil) pou ipokrit yo fè. Si nou te konnen tout benediksyon ak rekonpans ki genyen nan 2 priyè sa yo, nou tap vin ladan yo menm si se trennen sou jenou nou ta dwe trennen. Epi premye ranje nan lapriyè a tankou ranje zanj yo; si nou te konnen tout valè li genyen, nou tap kouri pou nou pran plas la an premye. Lapriyè yon gason fè ansanm ak yon lòt gason gen plis valè (ak plis rekonpans) pase lèl priye poukont li, epi lapriyè li fè ansanm ak 2 gason gen plis valè pase sa li fè ak yon sèl gason. Plis moun yo anpil, se plis sa fè Allah plezi.»
صلَّى بنا رسولُ الله صلى الله عليه وسلم يومًا الصُّبحَ فقال: «أشاهِد فُلان؟» قالوا: لا، قال: «أشاهِدٌ فُلان؟» قالوا: لا، قال: «إنَّ هاتيَنِ الصَّلاتين أثقَلُ الصَّلَواتِ على المُنافقين، ولو تعلمون ما فيهما لأتيتُمُوهما ولو حَبْوًا على الرُّكب، وإن الصفَّ الأوّلَ على مِثلِ صَفِّ الملائكة، ولو عَلِمتُم ما فضيلتُه لابتَدَرتُموهُ، وإنّ صلاةَ الرجل مع الرجل أزكى من صلاتِه وحدَه، وصلاتَه مع الرجلَين أزكى من صلاتِه مع الرجل، وما كَثُرَ فهو أحبُّ إلى الله تعالى».
Pwofèt Allah (Ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè lapriyè douvanjou a yon jou, aprèsa li mande: «Èske tèl moun prezan nan lapriyè nou sa a?» Konpayon yo te di: Non. Aprèsa, li di: Èske entèl prezan? ak yon lòt moun, Yo te di: Non. Li di, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) : Anverite, priyè douvanjou (Fajr) ak priyè lannwit (Isha) se 2 priyè ki pi lou (pi difisil) pou ipokrit yo fè; paske parès pran pye sou yo nan moman sa yo, epi tou paske yo pa ka vrèman fè wè (chèche fè moun wè yo), paske pèsonn pa ka wè yo nan fènwa a Si nou te konnen, O nou menm kwayan yo, ki gwo rekonpans ak merit siplemantè ki genyen nan priyè Sobh ak priyè Icha a — paske rekonpans lan mezire selon nivo difikilte a — nou tap vin akonpli yo menm si nou ta oblije trennen epi mache sou men nou ak jenou nou. Epi premye ranje a, nan fason yo pwòch imàm nan, se tankou ranje zanj yo nan fason yo pwòch Allah Toupwisan an; epi si kwayan yo te konnen tout valè ak rekonpans ki genyen nan premye ranje a, yo tap fè kous pou yo jwenn plas ladan li. Epi lapriyè yon moun ak yon lòt moun gen pi gwo rekonpans ak enpak pase lapriyè yon moun kap priye pou kont li, epi lapriyè li ak 2 moun pi bon pase ak yon sèl moun, Epi lapriyè ki gen plis moun kap priye ladan li, se li menm ki pi fè Allah plezi epi ki gen plis valè.
Li lejitim pou Imam moske a pran nouvèl sitiyasyon moun kap swiv li yo, epi poze kesyon sou moun ki absan pami yo.
Rete atache ak lapriyè an gwoup la, espesyalman lapriyè Icha ak Fajr, se pami siy lafwa yo.
Grandè rekonpans lapriyè Icha ak Fajr la; se paske akonpli yo mande pou moun nan lite kont pwòp tèt li epi pèsevere nan obeyisans, se poutèt sa rekonpans yo pi gran pase lòt yo.
Lapriyè an gwoup valab avèk 2 moun oswa plis.
Esplikasyon sou merit premye ranje a, ak ankourajman pou ale ladan li byen bonè.
Avantaj ki genyen lè gen anpil moun nan gwoup la, paske plis gen moun nan rasanbleman an, se plis rekonpans lan pi gwo.
Bon aksyon yo varye nan merit daprè preferans Lalwa Islamik la ba yo, ansanm ak kondisyon ki karakterize yo.
Sounna Abou Dawoud (1/ 415) (554).
Sounna An-Nasa'i (2/ 104) (843).
Mousnad Ahmad (35/ 188) (21265).
Plis (8)
شرح الطيبي على مشكاة المصابيح.
لشرف الدين الطيبي (4/ 1132).
مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.
لعلي القاري (3/ 838).
سبل السلام شرح بلوغ المرام.
للصنعاني (1/ 360 ).
شرح سنن أبي داود.
لعبد المحسن العباد (40/ 11).
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمالصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمصَلَّى بِنَا رَسُولُ اللَّهِ ﷺ يَوْمًا الصُّبْحَ، فَقَالَ: «أَشَاهِدٌ فُلَانٌ»، قَالُوا: لَا، قَالَ: «أَشَاهِدٌ فُلَانٌ»، قَالُوا: لَا، قَالَ: «إِنَّ هَاتَيْنِ الصَّلَاتَيْنِ أَثْقَلُ الصَّلَوَاتِ عَلَى الْمُنَافِقِينَ، وَلَوْ تَعْلَمُونَ م
- الصلاة التي علمها النبي ﷺ الصحابة رضي الله عنهمصَلَّى بِنَا رَسُولُ اللَّهِ ﷺ يَوْمًا الصُّبْحَ، فَقَالَ: «أَشَاهِدٌ فُلَانٌ»، قَالُوا: لَا، قَالَ: «أَشَاهِدٌ فُلَانٌ»، قَالُوا: لَا، قَالَ: «إِنَّ هَاتَيْنِ الصَّلَاتَيْنِ أَثْقَلُ الصَّلَوَاتِ عَلَى الْمُنَافِقِينَ، وَلَوْ تَعْلَمُونَ م