Skip to content

Montre mwen yon aksyon sim fè li map antre nan Paradi a. Li di: Se pou ou adore Allah san ou pa ba Li okenn asosye, fè lapriyè ki obligatwa yo, bay lacharite (zakat) ki obligatwa a, epi fè jèn nan mwa Ramadan.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li):

Te gen yon bedwen (Arab ki rete lwen nan dezè) ki te vin jwenn Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li dil: "Montrem yon zèv sim fè li map antre nan Paradi." Li reponn li: "Se pouw adore Allah san ou pa asosye anyen avèk li , se pouw akonpli priyè (Salat) obligatwa yo, se pouw bay charite (Zakat) ki preskri a, epi se pouw fè jèn nan mwa Ramadan an." Nonm nan di: "Mwen fè sèman sou Sila a ki gen nanm mwen nan men Li an, mwen pap ajoute okenn lòt bagay sou sa." Lèl vire do li poul ale, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) di: "Nenpòt moun ki ta kontan wè yon nonm pami abitan Paradi yo, se poul gade nonm sa a."

أَنَّ أَعْرَابِيًّا أَتَى النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَقَالَ: دُلَّنِي عَلَى عَمَلٍ إِذَا عَمِلْتُهُ دَخَلْتُ الجَنَّةَ، قَالَ: «تَعْبُدُ اللَّهَ لاَ تُشْرِكُ بِهِ شَيْئًا، وَتُقِيمُ الصَّلاَةَ المَكْتُوبَةَ، وَتُؤَدِّي الزَّكَاةَ المَفْرُوضَةَ، وَتَصُومُ رَمَضَانَ» قَالَ: وَالَّذِي نَفْسِي بِيَدِهِ لاَ أَزِيدُ عَلَى هَذَا، فَلَمَّا وَلَّى قَالَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «مَنْ سَرَّهُ أَنْ يَنْظُرَ إِلَى رَجُلٍ مِنْ أَهْلِ الجَنَّةِ، فَلْيَنْظُرْ إِلَى هَذَا».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Yon mesye ki soti nan dezè a te vin jwenn Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li montre li yon zèv ki ap fè li antre nan Paradi, Pwofèt la (ṣallā -llāhu ʿalayhi wa-sallam) reponn li ke antre nan Paradi a ak sove anba Lanfè a depann 2 akonplisman pilye Islam yo; tankou adore Allah sèlman, epi pou ou pa mete anyen ak li. Epi ou fè 5 priyè (Salat) yo ke Allah mete kòm yon obligasyon sou sèvitè li yo pandan chak jounen ak lannwit. Epi ou bay Zakat sou lajan (oswa byen) ke Allah te rann obligatwa pou ou a, epi ou remèt li bay moun ki gen dwa resevwa li yo (moun ki meritel yo). Epi toujou fè jèn nan mwa Ramadan nan lè li. Nonm lan di: "Pa Sila a ki gen nanm mwen nan men Li an, mwen pap ajoute okenn lòt zak obeyisans sou aksyon obligatwa mwen tande nan men w lan, ni mwen pap diminye anyen ladan li'" Epi lè li te ale, Pwofèt la,( ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Nenpòt moun ki ta kontan wè yon nonm pami moun Paradi yo, se pou li gade Bedwen sa a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Fè tout adorasyon yo pou Allah (Trèwo a) sèlman, se premye bagay pou kòmanse avè li nan fè apèl pou vin jwenn Allah.

Kontante pou montre sèlman devwa yo bay moun ki fèk antre nan Islam.

Envite moun nan chemen Allah, Trèwo a, dwe fèt etap pa etap.

Devouman nonm lan pou li aprann zafè relijyon li.

Si Mizilman an kontante li sèlman avèk devwa obligatwa yo, lap reyisi, men sa pa vle di li dwe neglije zèv volontè yo; paske zèv volontè yo sèvi pou konble mank ki genyen nan devwa obligatwa yo.

Lè yo site kèk zak adorasyon an patikilye, se yon prèv ki montre enpòtans yo genyen, epi se yon ankourajman pou moun fè yo, men sa pa vle di lòt zak adorasyon yo pa yon obligasyon.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (2/ 105) (1397).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 44) (14).

Plis (10)

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (15/ 588).

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (2/ 349).

نزهة المتقين.

لمجموعة من الباحثين (2/ 861).

منار القاري.

لحمزة قاسم (3/ 5).

مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.

لعلي القاري (1/ 82).