Yon fi pa dwe vwayaje yon distans 2 jou esepte si gen mari li oswa yon mahram ki avè li.
Daprè Abou Sa’id Al-Khoudri (Se pou Allah satisfè ak li) -epi li te patisipe nan 12 batay ansanm ak Pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li)- li di: «Mwen te tande 4 bagay nan bouch Pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) ki te fèm gwo enpresyon, li te di:
«Yon fi pa dwe vwayaje pou yon distans 2 jou esepte avèk maril oswa yon mahram, epi pa dwe gen jèn nan 2 jou: Al-Fitr ak Al-Adha, epi pa dwe gen priyè aprè Subh jiskaske solèy la leve, ni aprè Asr jiskaske solèy la kouche, epi yo pa dwe antreprann vwayaj esepte pou 3 moske: Moske Al-Haram, Moske Al-Aqsa, ak moskem nan la a».
«لاَ تُسَافِرِ المَرْأَةُ مَسِيرَةَ يَوْمَيْنِ إِلَّا وَمَعَهَا زَوْجُهَا أَوْ ذُو مَحْرَمٍ، وَلاَ صَوْمَ فِي يَوْمَيْنِ: الفِطْرِ وَالأَضْحَى، وَلاَ صَلاَةَ بَعْدَ الصُّبْحِ حَتَّى تَطْلُعَ الشَّمْسُ، وَلاَ بَعْدَ العَصْرِ حَتَّى تَغْرُبَ، وَلاَ تُشَدُّ الرِّحَالُ إِلَّا إِلَى ثَلاَثَةِ مَسَاجِدَ: مَسْجِدِ الحَرَامِ، وَمَسْجِدِ الأَقْصَى، وَمَسْجِدِي هَذَا».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi 4 bagay: Premye a: Entèdi yon fanm vwayaje yon distans 2 jou san mari li oubyen youn nan mahram li yo, ki se moun li entèdi poul marye avèk li yon fason pèmanan pami fanmi li, tankou pitit gason li ak papal ,pitit gason frè li ak pitit gason sè li, tonton bò papal ak tonton bò manman li, oswa yon bagay konsa. Dezyèmman: Entèdiksyon sou jèn jou Eid al-Fitr ak jou Eid al-Adha, kit misilman an jene yo kòm yon ve, oubyen kòm yon jèn volontè, oubyen kòm yon ekspyasyon. Twazyèmman: Li entèdi pou moun fè lapriyè volontè aprè lapriyè Asr jiskaske solèy la kouche, epi aprè douvanjou kase jiskaske solèy la leve. Katriyèmman: Li entèdi pou moun vwayaje nan nenpòt kote avèk kwayans li gen byenfè espesyal epi bon zèv yo ap miltipliye ladan li, eksepte nan 3 moske sa yo. Kidonk, moun pa dwe prepare vwayaj pou okenn lòt kote pou yal priye ladan yo, paske rekonpans lan pap miltipliye eksepte nan 3 moske sa yo: Moske Sakre a (nan Lamèk), Moske Pwofèt la (nan Medin), ak Moske Al-Aqsa a (nan Jerizalèm).
...:
Entèdiksyon pou yon fanm vwayaje san yon mahram (san yon moun ki entèdi (ki paka) marye ak li).
Yon fanm pa yon mahram pou yon lòt fanm nan vwayaj; baze sou pawòl la: « Maril oswa yon mahram ».
Nenpòt sa yo rele vwayaj, yo entèdi fanm nan fèl san maril oswa san yon mahram; epi Adis sa a te baze sou sitiyasyon moun ki tap poze kesyon an ak kotel tap viv la.
Mahram yon fanm se mari li, oubyen moun li entèdi poul marye avèk li yon fason pèmanan akòz lyen fanmi tankou papa, pitit gason, tonton (bò papa) ak tonton (bò manman), oswa akòz alètman (lèt) tankou papa pa mwayen alètman ak tonton pa mwayen alètman, oswa akòz alyans (maryaj) tankou papa mari a. Epi li dwe yon mizilman ki majè, ki gen tout bon sans li, ki serye epi yo ka fè konfyans, paske objektif Mahram nan se pou pwoteje fanm nan, prezève li epi veye sou zafè l.
Atansyon Lwa Islamik la bay fanm nan, pwoteksyon li ak prezèvasyon li.
Priyè volontè jeneral yo pa valab aprè priyè Fajr ak Asr, eksepte lè yap ranplase priyè obligatwa ki te rate yo, ansanm ak priyè ki gen yon kòz espesifik tankou salitasyon moske a ak lòt ki sanble avèl.
Li entèdi pou fè lapriyè imedyatman aprè solèy la fin leve, okontrè fòk li monte rive nan wotè yon lans, sa ki reprezante apeprè 10 pou rive 15 minit.
Lè Asr la dire jiska lè solèy la kouche.
Ladan li, li pèmèt moun prepare vwayaj (pou chèche benediksyon) pou ale nan 3 moske yo.
Valè ak Merite 3 moske yo ak avantaj yo genyen sou lòt yo.
Li pa pèmi pou yon moun vwayaje pou li vizite tonbo yo, menm si se tonbo Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Epi, vizit li a pèmi pou moun ki nan vil Medina a, oswa ki vin ladann pou yon rezon ki pèmèt nan lalwa oswa ki pèmi.
Sahih Al-Bukhari (3/ 43) (1995).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (2/ 975) (827).
Plis (14)
فتح الباري شرح صحيح البخاري.
لابن حجر العسقلاني (4/ 75).
توضيح الأحكام مِن بلوغ المرام.
للبسام (3/ 544).
فتح ذي الجلال والإكرام شرح بلوغ المرام.
لابن عثيمين (3/ 311).
سبل السلام.
لمحمد الصنعاني (1/ 598).
مجموع فتاوى ومقالات.
لابن باز(6/ 321).
الشرح الممتع على زاد المستقنع.
لابن عثيمين (6/ 516).
شرح سنن أبي داود.
عبد المحسن العباد (65/ 8 بترقيم الشاملة آليا).