Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
Filter
Pick a property to filter by
الفئة المستهدفة1
حجم المحتوى3
التخريج المتعدد2
الفئة المستهدفة: المسلم
«Lapriyè yon moun an gwoup pi bon pase lapriyè li fè lakay li ak lapriyè l fè nan machel ak 20 ak kèk degre. E sa, se paske lè youn nan yo fè ablisyon, epi li fè sa byen, epi li ale nan Moske a, san ke se pa anyen ki pousel eksepte lapriyè a, epi li pa vle anyen eksepte lapriyè a, pa gen yon pa li fè san ke yo pa elvel yon degre avèk pa sa a, epi yo efase yon peche pou li avèk li, jiskaske li antre nan Moske a. Lè li antre nan Moske a, li konsidere tankou li nan lapriyè toutotan se lapriyè a kap kenbe li. Epi Zanj yo ap priye pou youn nan nou toutotan li rete nan plas kote li te priye a, yap di: O Allah, fèl mizerikòd, O Allah, padonel, O Allah, aksepte repantans li, toutotan li pa nwi okenn moun ladan li, epi toutotan li pa kase ablisyon li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الوضوء، فضل صلاة الجماعة وأحكامها، أحكام المساجدموضوعات الحديثأحكام الوضوء، صلاة الجماعة
«Allah pa aksepte lapriyè okenn nan nou si li nan eta enpite (salte), toutotan li pa fè ablisyon (Woudou).»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيشروط الصلاةموضوعات الحديثما يَحرُمُ على المُحْدِثِ عملُه، أحكام الوضوء، شروط الصلاة
«Èskem pa ta dwe endike nou sa Allah itilize pou Li efase peche yo epi elve degre yo?» Yo te reponn: «Wi, O Mesaje Allah.» Li te di: «Akonpli ablisyon an yon fason ki pafè malgre difikilte yo, fè anpil pa pou ale nan moske yo, epi tann yon lapriyè aprè yon lòt; ebyen, sa a se angajman konstan an.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيفضائل الأعمال الصالحة، فضل الوضوء، سنن وآداب الوضوء، وجوب الصلاة وفضلها وحكم تاركها، فضل صلاة الجماعة وأحكامها، أحكام المساجدموضوعات الحديثأحكام المساجد غير الحرمين، أحكام الوضوء، مكانة الصلاة وفضلها، صلاة الجماعة
"Lè yonn nan nou ap fè ablisyon (woudou), se poul mete dlo nan nen li epi poul mouchel. Nenpòt moun kap netwaye tèt li ak wòch (istijmar), se pou li fè sa yon kantite fwa ki enpè. Epi lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe mete men li nan veso dlo ablisyon an san li pa lavel anvan, paske yonn nan nou pa konnen kote men li te pase lannwit lan." Epi nan vèsyon Mouslim nan: "Lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe plonje men li nan veso dlo a toutotan li pa lave li 3 fwa, paske li pa konnen kote men li te pase lannwit lan."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيآداب النوم والاستيقاظ، الآنية، الاستنجاء وقضاء الحاجة، سنن وآداب الوضوء، صفة الوضوءموضوعات الحديثأحكام الاستنجاء والاستجمار، أحكام الوضوء