عربي - Arabic English Qafár af - Afar Afrikaans - Afrikanns Akan Shqip - Albanian አማርኛ - Amharic Հայերեն - Armenian অসমীয়া - Assamese Azərbaycanca - Azerbaijani Bamanankan - Bambara Bassa Bemba বাংলা - Bengali Bosanski - Bosnian Български - Bulgarian မြန်မာဘာသာ - Burmese Bisaya - Cebuano Cham Нохчий - Chechen chiCheŵa - Chewa 中文 - Chinese Адыгэбзэ - Circassian Hrvatski - Croatian Česky - Czech Dagbani Dansk - Danish فارسی دری - Dari Dendi ދިވެހި ބަސް - Dhivehi Nederlands - Dutch إستوني - Estonian Suomi - Finnish Fon Français - French Fulfulde - Fula ქართული - Georgian Deutsch - German Ελληνικά - Greek ગુજરાતી - Gujrati Kreyòl ayisyen - Haitian Creole Hausa हिन्दी - Hindi Magyar - Hungarian Igbo Indonesia - Indonesian Italiano - Italian 日本語 - Japanese Jóola - Jola ಕನ್ನಡ - Kannada Қазақша - Kazakh ភាសាខ្មែរ - Khmer Kikuyu Ikinyarwanda - Kinyarwanda Ikirundi - Kirundi 한국어 - Korean كوردی سۆرانی - kurdish كوردي kurmancî - Kurmanji Kyrgyz ລາວ - Lao latviešu - Latvian Lingala lietuvių - Lithuanian Luganda Македонски - Macedonian Maguindanaon Malagasy - Malagasy Bahasa Melayu - Malay മലയാളം - Malayalam Mandinka मराठी - Marathi Mõõré - Moore नेपाली - Nepali أنكو - NKo Norwegian ଓଡ଼ିଆ - Odia oromoo - Oromo پښتو - Pashto فارسی - Persian Polski - Polish Portuguese ਪੰਜਾਬੀ - Punjabi Română - Romanian Русский - Russian Српски - Serbian Shona සිංහල - Sinhala Slovenščina - Slovenian Soomaaliga - Somali Soninke Sesotho - Sotho Español - Spanish Kiswahili - Swahili Svenska - Swedish Tagalog Тоҷикӣ - Tajik தமிழ் - Tamil తెలుగు - Telugu ไทย - Thai ትግረኛ - Tigrinya Türkçe - Turkish Türkmen - Turkmen Ukrainian اردو - Urdu ئۇيغۇرچە - Uyghur Ўзбек - Uzbek Việt Nam - Vietnamese Wolof Yao Yorùbá - Yoruba Zarma زولو - Zulu
477 Hadiths
Encyclopedia of Prophetic Hadiths
التصنيف الشرعي
Grading
Narrated in
Narrator
«2 pawòl ki lejè sou lang, ki lou nan balans lan, ke Sila a ki gen anpil Mizèrikòd la renmen anpil: Glwa pou Allah ki Gran an, Glwa pou Allah ansanm ak lwanj pou Li».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الذكر، الأذكار المطلقةموضوعات الحديثالذِّكْر، سعة فضل الله عز وجل
«Nenpòt moun ki di: 'Subhanallah wa bihamdihi' (Glwa pou Allah epi lwanj pou Li) san (100) fwa nan yon jou, yap padone peche li yo, menm si yo ta tankou kim lanmè a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الذكر، فوائد ذكر الله عز وجل، الأذكار المطلقةموضوعات الحديثالذِّكْر، سعة فضل الله عز وجل
«Pa gen okenn fatig, ni maladi, ni enkyetid, ni tristès, ni mal, ni lapenn ki frape yon Mizilman, menm yon pikan ki pikel san ke Allah pa retire nan peche li yo atravè li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيالرقائق والمواعظ، فضائل التوحيد، الأخلاق الحميدة، الإيمان بالقضاء والقدرموضوعات الحديثالصبر، سعة فضل الله عز وجل
"Mwen di: O Mesaje Allah, kisaw panse de bagay mwen te konn fè kòm adorasyon nan epòk inyorans lan , tankou bay lacharite (Sadaqa), oswa libere esklav, epi kenbe bon relasyon ak fanmi, èske gen rekonpans pou yo? Lè sa a, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) di: «Ou aksepte Islam ansanm ak tout bon zèv ou te fè anvan yo.»"
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضائل الأعمال الصالحة، خصائص الإسلام وفضله ومحاسنه، الإسلامموضوعات الحديثأهمية التوحيد، سعة فضل الله عز وجلمحاور التعريف بالإسلامفوائد الدخول في الإسلام
Gen yon gwoup moun nan mitan kwayan nan fo dye yo (Ahl al-Shirk) ki te konn touye moun epi yo te fè sa anpil, yo te konn fè adiltè (fònikasyon) epi yo te fè sa anpil. Yo te vin jwenn Muhammad (pè ak benediksyon Allah pou li) epi yo dil: 'Sa wap di a ak sa wap rele moun vini ladan li an vrèman bèl! Si sèlman ou ta ka fè nou konnen si gen yon fason pou efase epi rekonpanse pou sa nou te konn fè yo.'
Lè sa a, vèsè sa a te desann: {Epi moun sa yo ki pa adore okenn lòt dye ansanm ak Allah, ki pa touye moun Allah fè entèdiksyon pou yo touye a—eksepte si gen yon dwa legal pou sa—epi ki pa fè adiltè...} [Sourat Al-Furqan: 68].
Epi vèsè sa a te desann tou: {Di yo: 'O sèvitèm yo ki te fè abi sou tèt yo (nan fè peche)! Pa janm pèdi espwa nan mizerikòd ak jantiyès Allah...'} [Sourat Az-Zumar: 53]."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيأسباب النزول، التوبة، تفسير الآيات، الإسلامموضوعات الحديثالقرآن وعلومه، سعة فضل الله عز وجل، التوبة، القنوط من رحمة اللهمحاور التعريف بالإسلامفوائد الدخول في الإسلام، النجاة بالدخول في الإسلام
« Soti nan Pwofèt la (Ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), nan sa lap rapòte soti nan Seyè li a (Allah) ki gen tout pouvwa a, li di: "Yon sèvitè te fè yon peche, li di: 'O Allah, padone pechem lan.' Allah (ki beni epi ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche.' Aprèsa, sèvitè a te retounen fè peche ankò, li di: 'O Seyè mwen, padone pechem lan.' Allah (ki beni e ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche.' Aprèsa, sèvitè a te retounen fè peche ankò, li di: 'O Seyè mwen, padone pechem lan.' Allah (ki beni e ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche. Fè sa ou vle, paske Mwen deja padonew.'" »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الدعاء، التوبةموضوعات الحديثالدعاء، سعة فضل الله عز وجل، التوبةمحاور التعريف بالإسلامصفات الله تعالى
« Mwen te dèyè pwofèt la (Se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvril) sou yon bourik yo te rele ‘Ufayr. Li te dim: "O Mou'az ! Èske ou konnen ki dwa Allah genyen sou sèvitè li yo, epi ki dwa sèvitè yo genyen sou Allah ?" Mwen te reponn: "Allah ak Mesaje li a konnen pi byen."
Li te di: "Dwa Allah sou sèvitè yo, se pou yo adorel san yo pa asosye anyen avèk li. Epi, dwa sèvitè yo sou Allah, se pou Li pa pini moun ki pa asosye anyen avè l."
Mwen te di: "O Mesaje Allah ! Èske mwen pa dwe bay moun yo bon nouvèl sa a?" Li te reponn: "Pa bay yo bon nouvèl sa a, paske yap vin apiye sou li (yap vin neglijan nan aksyon yo)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضائل التوحيد، توحيد الألوهيةموضوعات الحديثأهمية التوحيد، سعة فضل الله عز وجل، الشرك بالله وأقسامهمحاور التعريف بالإسلاموجوب إفراد الله بالعبادة
«Allah di: O pitit pitit Adan, depanse nan chemen Mwen, Map depanse pou ou.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيصدقة التطوعموضوعات الحديثسعة فضل الله عز وجل، صدقة التطوع، التوكل