Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

18 of 477 cards

Clear filters
Yon Mesye te vin jwenn Pwofèt la (ke Allah beni li epi bal kè poze) epi li di: "O Mesaje Allah, mwen paka kite okenn fòm peche (ni gwo ni piti) san mwen pa komèt li." Pwofèt la te mandel: "Èske ou pa temwanye ke pa gen lòt bondye sanble ak Allah epi ke Muhammad se Mesaje Allah?" Li te repete kesyon sa a 3 fwa. Mesye a reponn: "Wi (mwen temwanye sa)." Lè sa a, Pwofèt la di: "Vrèman vre, deklarasyon lafwa sa a efase tout sa ki te pase anvan."
Sahih Rapòte pa Abou Ya'la, At-Tabarani ak Ad-Diya' Al-Maqdisi.
التصنيف الشرعيفضائل التوحيد، الإيمان بالله عز وجل، الإيمان بنبينا محمد صلى الله عليه وسلمموضوعات الحديثأهمية التوحيد، سعة فضل الله عز وجل، الإيمان بالرسل عليهم السلاممحاور التعريف بالإسلامفوائد الدخول في الإسلام، النجاة بالدخول في الإسلام، النطق بالشهادتين
«Senyè nou an, Sila ki beni epi ki toupwisan an, desann chak nwit nan syèl ki pi prè tè a lè li rete dènye tyè nwit lan, epi li di: «Kiyès kap priyem poum reponn li? Kiyès kap mandem poum ba li? Kiyès kap mandem padon poum padone l?».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الدعاء، أنواع الدعاء، أسباب إجابة الدعاء وموانعه، قيام الليل، توحيد الأسماء والصفاتموضوعات الحديثالدعاء، سعة فضل الله عز وجل، قيام الليل