Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

33 of 477 cards

Clear filters
Gen yon gwoup moun nan mitan kwayan nan fo dye yo (Ahl al-Shirk) ki te konn touye moun epi yo te fè sa anpil, yo te konn fè adiltè (fònikasyon) epi yo te fè sa anpil. Yo te vin jwenn Muhammad (pè ak benediksyon Allah pou li) epi yo dil: 'Sa wap di a ak sa wap rele moun vini ladan li an vrèman bèl! Si sèlman ou ta ka fè nou konnen si gen yon fason pou efase epi rekonpanse pou sa nou te konn fè yo.' Lè sa a, vèsè sa a te desann: {Epi moun sa yo ki pa adore okenn lòt dye ansanm ak Allah, ki pa touye moun Allah fè entèdiksyon pou yo touye a—eksepte si gen yon dwa legal pou sa—epi ki pa fè adiltè...} [Sourat Al-Furqan: 68]. Epi vèsè sa a te desann tou: {Di yo: 'O sèvitèm yo ki te fè abi sou tèt yo (nan fè peche)! Pa janm pèdi espwa nan mizerikòd ak jantiyès Allah...'} [Sourat Az-Zumar: 53]."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki pran yon konesans nan zetwal yo, li pran yon branch nan maji (Sihr), epi plis li ogmante nan konesans sa a, se plis lap ogmante nan maji a.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, Ibn Majah ak Ahmad.
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te dirije lapriyè maten an pou nou nan Al-Hudaybiyah, aprè yon lapli ki te tonbe nan mitan lannwit lan. Lèl te fini, li te vire fas li bò kote moun yo, li di: "Èske nou konnen sa Seyè nou an te di?" Yo te reponn: "Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen." Li te di: "Pami sèvitèm yo, gen moun ki leve nan yon eta kote yo kwè nan mwen, epi gen moun ki leve nan yon eta kote yo pa kwayan. Konsènan moun ki te di: 'Nou te resevwa lapli gras a favè Allah ak mizèrikòd li,' moun sa a kwè nan mwen epi li pa kwè nan zetwal yo (kòm sous lapli a). Men, konsènan moun ki te di: 'Nou te resevwa lapli gras a etwal sila a oswa etwal sila a,' moun sa a pa kwè nan mwen epi li kwè nan zetwal yo."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Yon mesye te di: O Mesaje Allah, èske yap rann nou responsab pou sa nou te fè nan epòk inyorans lan ? Li di: «Nenpòt moun ki aji byen nan Islam, yo pap rann li responsab pou sa li te fè nan epòk inyorans lan, epi nenpòt moun ki aji mal nan Islam, yap rann li responsab pou premye a ak dènye a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"«Pi gwo bagay mwen pè pou nou an se Chirk ki pi piti a» Yo te mande: E kisa ki Chirk ki pi piti a, o Mesaje Allah? Li di: «Riya, Allah Toupwisan an ap di yo nan Jou Rezirèksyon an lè moun yo ap jwenn rekonpans pou aksyon yo: Ale jwenn moun nou te konn ap fè wè pou yo nan lavi mond sa a, epi gade pou nou wè èske nap jwenn okenn rekonpans bò kote yo?»."
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ahmad
Moun ki rankontre Allah san li pa asosye okenn bagay avèk li, lap antre nan Paradi; epi moun ki rankontrel pandan li asosye yon bagay avèk li,lap antre nan dife Lanfè.
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Ou poze kesyon sou yon gwo bagay, epi li vrèman fasil pou moun Allah fèlnfasil pou li: se pouw adore Allah san ou pa asosye okenn bagay avèl, pouw akonpli Lapriyè obligatwa yo, pouw bay Zakat la, pouw jene Ramadan, epi pouw fè Hajj nan lamèk la. Aprèsa li di: Èskem pa dwe montre ou pòtay byen yo? Jèn nan se yon pwoteksyon, lacharite etenn peche menm jan dlo etenn dife, ak lapriyè yon moun nan mitan lannwit. Aprèsa, li resite: {Kò yo kite kabann yo} jiskaske li rive {sa yo te konn fè}. Aprèsa li di: Èskem pa dwe enfòme ou sou sak pi enpotan an , poto mitan li, ak pwent tèt li? Mwen te di: Wi, O Mesaje Allah. Li di: Tèt zafè a se Islam, poto mitan li se Lapriyè, epi pwent tèt li se Jihad. Aprèsa li di: Èskem pa dwe enfòme ou sou sa ki kenbe tout sa yo ansanm? Mwen te di: Wi, O Mesaje Allah! Lè sa a, li kenbe lang pal la epi li di: Kontwole sa a pou ou. Mwen di: O Pwofèt Allah! Èske yap rann nou kont pou sa nou ap pale? Li di: Se pou manman ou pèdi ou! Èske gen lòt bagay ki lage moun fas atè oubyen li te di: sou nen yo – esepte rekolt lang yo?»!
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Li pa fè pati de kominote nou an, nenpòt moun ki chèche siy nan zwazo (sipèstisyon) oswa ki fè sa pou lòt moun, nenpòt moun ki pratike divinasyon oswa ki fè sa pou lòt moun, oubyen nenpòt moun ki pratike maji oswa ki mande pou yo fè maji pou li. Nenpòt moun ki fè maji , epi nenpòt moun ki al wè yon divinò epi li kwè nan sal di, li deja rejte nan sa ki te desann sou Muhammad (ke lapè ak benediksyon Allah sou li).
« Bon » ou « Byen » Se Al-Bazzar ki rapòte li.