Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

7 of 477 cards

Clear filters
O Allah! Pa fè kavo mwen tounen yon zidòl yo adore. Allah voye madichon sou yon pèp ki te pran kavo pwofèt yo pou fè yo tounen kote pou yo priye (moske).
Sahih Rapòte pa Ahmad
«Alyans ki ant nou menm ak yo a se Lapriyè. Kidonk, moun ki abandonel, li tonbe nan mekrekyans».
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Kwè nan move sipèstisyon se shirk, kwè nan move sipèstisyon se shirk, kwè nan move sipèstisyon se shirk, -(3 fwa)-», epi pa gen okenn pami nou ki pa (santi yon ti bagay konsa), men Allah, Li menm ki gen tout pouvwa a, Li menm ki gen gwo majeste a, fèl ale lè nou mete konfyans nou nan Li.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
«Nenpòt moun ki fè sèman sou non yon lòt (bagay oswa moun) ki pa Allah, anverite li fè yon zak enkwayans (Kufr) oswa li bay Allah asosye (Shirk).»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
«Nenpòt moun ki pran yon konesans nan zetwal yo, li pran yon branch nan maji (Sihr), epi plis li ogmante nan konesans sa a, se plis lap ogmante nan maji a.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, Ibn Majah ak Ahmad.
"«Pi gwo bagay mwen pè pou nou an se Chirk ki pi piti a» Yo te mande: E kisa ki Chirk ki pi piti a, o Mesaje Allah? Li di: «Riya, Allah Toupwisan an ap di yo nan Jou Rezirèksyon an lè moun yo ap jwenn rekonpans pou aksyon yo: Ale jwenn moun nou te konn ap fè wè pou yo nan lavi mond sa a, epi gade pou nou wè èske nap jwenn okenn rekonpans bò kote yo?»."
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Ahmad
Mwen te nan yon vwayaj ansanm ak Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li). Yon jou maten, mwen te vin prèl pandan nou tap vwayaje. Mwen di l : « O Mesaje Allah, fèm konnen yon zèv kap fè m antre nan Paradi epi kap pousem lwen dife Lanfè a. » Li reponn : « Se yon gwo koze ou mandem la a, men li vrèman fasil pou moun Allah chwazi fè li fasil pou li a : Se pouw adore Allah san ou pa asosye li ak anyen, Se pouw akonpli lapriyè, Se pouw bay lacharite (Zakat), Se pouw fè jèn nan mwa Ramadan, Epi se pouw fè pelerinaj nan Kay la (Lamèk). » Aprèsa, li di : « Èskew vlem moutrew pòt byen yo ? Jèn nan se yon boukliye. Lacharite etenn peche menm jan dlo etenn dife. Epi lapriyè yon moun ap fè nan mitan lannwit. » Answit, li site vèsè sa a : « Flan yo (kò yo) kite kabann yo... jiskaske li rive nan... kòm rekonpans pou sa yo te konn fè a. » Aprèsa, li di ankò : « Èskew vlem fè ou konnen tèt tout bagay la, poto mitan li an ansanm ak pwen ki pi wol la ? » Mwen reponn : « Wi, O Mesaje Allah. » Li di : « Tèt bagay la se Islam, poto mitan li se lapriyè, epi pwen ki pi wol la se Jiyad. » Aprèsa, li di : « Èskew vlem fèw konnen kisa ki kenbe tout bagay sa yo ansanm ? » Mwen reponn : « Wi, O Pwofèt Allah. » Li pran pwòp lang li ak men li, li kenbel, epi li di : « Kontwole sa a. » Mwen di li : « O Pwofèt Allah, èske yap rann nou kont vre pou pawòl kap soti nan bouch nou ? » Li reponn : « Wap fè manman w pèdiw, O Mou'adh ! Èske gen lòt bagay ki lage moun fas anba – oubyen li te di sou nen yo – nan dife Lanfè a si se pa akoz lang yo ? »
Sahih (Otantik) gras a ansanm chèn transmisyon li yo. Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.