Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

2 of 477 cards

Clear filters
Filter
Pick a property to filter by
الفئة المستهدفة1
حجم المحتوى1
التخريج المتعدد1
الخلفية الدينية للمستهدف2
التصنيف العقدي2
الفئة المستهدفة: المسلم
Mwen te di: "O Mesaje Allah ,ki sa ki veso basen dlo a (Al-Hawd)?" Li te reponn: "Mwen fè sèman sou Sila a ki kenbe nanm Muhammad nan men li a, veso li yo anpil pase kantite zetwal ak planèt ki nan syèl la, menm jan ak yon nwit ki nwa epi ki klè (kote tout zetwal yo parèt). Yo se veso ki soti nan Paradi a; nenpòt moun ki bwè ladan li pap janm swaf ankò aprèsa. Gen 2 kanal ki soti nan Paradi a kap vide dlo ladan li; moun ki bwè ladan li pap janm swaf. Lajè basen an egal ak longèl, distans ki ant Amman ak Ayla. Dlo a pi blan pase lèt, epi li pi dous pase siwo myèl."
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيالخصائص النبوية، الحياة الآخرةموضوعات الحديثالإيمان باليوم الآخر
Jundub (ke Allah kontan avè l) rakonte: Mwen te tande Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) senk jou anvan li mouri, li tap di: "Mwen deklare devan Allah, mwen pa pran okenn nan nou kòm zanmi pwòch (khalil). Paske Allah Toupwisan an te chwazim kòm zanmi pwòch Li, menm jan Li te chwazi Ibrahima (Abraram) kòm zanmi pwòch Li. Sim te dwe pran yon zanmi pwòch nan kominotem nan, mwen tap pran Abu Bakr. Epi atansyon! Moun ki te viv anvan nou yo te konn fè kavo pwofèt yo ak moun ki jis yo tounen kote pou yo adore. Atansyon! Pa fè kavo yo tounen kote pou nou adore; mwen entèdi nou fè sa."
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيالصحابة وفضلهم، أحكام المساجد، توحيد الألوهية، الخصائص النبويةموضوعات الحديثاتخاذ القبور مساجد، حقوق النبي ﷺ، الصحابة رضي الله عنهممحاور التعريف بالإسلامبطلان الشرك وصوره، الغلو في الأنبياء