Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
«Pi bon jou solèy la leve sou li, se jou Vandredi. Se nan jou sa a Adan te kreye, se nan jou sa a li te antre nan Paradi, epi se nan jou sa a tou yo te fè li soti ladan li, epi lafen dimond pap rive eksepte nan jou Vandredi.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيفضل يوم وصلاة الجمعة، الأنبياء والرسل السابقين عليهم السلام، الحياة الآخرةموضوعات الحديثالإيمان بالرسل عليهم السلام، الإيمان باليوم الآخر، صلاة الجمعة
«Prese fè bon zèv anvan latwoublay yo rive tankou mòso nan yon lannwit byen nwa. Yon moun ap leve nan maten antanke kwayan epi aswè li vin enkwayan, oswa lap rive nan aswè antanke kwayan epi nan maten li leve enkwayan, lap vann relijyon li pou yon byen nan mond sa a.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيفضائل الأعمال الصالحة، فضائل أعمال الجوارح، ذم حب الدنيا، أشراط الساعةموضوعات الحديثالدعوة والعلم، الزهد وقِصَر الأمل، أشراط الساعة، الكفر وأنواعه، أعمال القلوب المحمودة
«Gen 2 kategori pami moun Lanfè yo mwen poko wè: yon gwoup moun ki gen fwèt tankou ke bèf avèk yo, yap bat moun ak yo; ansanm ak fanm ki abiye men ki toutouni, kap devye tèt yo epi kap detounen lòt moun, tèt yo tankou bòs chamo ki panche sou kote. Yo pap antre nan Paradi a, ni yo pap jwenn sant li, byenke sant li kapab santi depi nan yon distans konsa ak konsa.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعياللباس والزينة، صفات الجنة والنار، حجاب المرأة المسلمة، دلائل النبوة، أشراط الساعةموضوعات الحديثالتبرج، الظلم، أشراط الساعة
Pwofèt la di : « Èske nou konnen kiyès ki depafini an (moun ki fè fayit la) ? » Yo reponn : « Moun ki fè fayit nan mitan nou, se moun ki pa gen ni lajan (dirham) ni byen materyèl. » Li di : « Moun ki fè fayit toutbon nan kominotem nan, se moun ki va vini nan Jou Rezirèksyon an ak anpil priyè, jèn, ak zakat (lamòn); men li vini tou pandan li te joure moun sa a, li te kalonye (akize) moun sa a, li te manje lajan moun sa a, li te koule san moun sa a, epi li te bat moun sa a. Yap pran nan bon zèv li yo pou yo bay moun sa a, epi pran nan bon zèv li yo pou bay lòt moun sa a; si bon zèv li yo fini anvan li fin peye tout dèt li genyen anvè yo, yap pran nan peche moun li te fè tò yo pou jete sou dol, aprèsa yap jetel nan Lanfè. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيالأخلاق الذميمة، الحياة الآخرة