Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

112 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (57)
«Nenpòt moun ki di: 'Subhanallah wa bihamdihi' (Glwa pou Allah epi lwanj pou Li) san (100) fwa nan yon jou, yap padone peche li yo, menm si yo ta tankou kim lanmè a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Ō nou menm moun yo, simaye lapè, bay moun manje, kenbe bon lyen ak fanmi nou, epi lapriyè nan mitan lannwit pandan tout moun ap dòmi, konsa nap antre nan Paradi an pè.
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
«Èske mwen pa ta dwe fè nou konnen pi bon nan tout aksyon nou yo, sila a ki pi pwòp nan zye Mèt nou an (Allah), ki bay plis grad, ki pi bon pou nou pase depanse lò ak lajan, epi ki pi bon pou nou pase rankontre lènmi nou yo kote nap koupe tèt yo epi yap koupe tèt nou?» Yo reponn: «Wi, sètènman.» Li di: «Se fè louwanj Allah ki pi Wo a (Dhikrullah).»
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi, Ibn Majah, ak Ahmad.
Yon mesye te vin kote Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li dil : 'Kisaw panse de yon nonm ki al goumen nan lagè pou li chèche rekonpans ak renome (repitasyon), kisa lap jwenn ?' Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) di : « Li pa gen anyen pou li. » Nonm nan repete kesyon an 3 fwa, epi chak fwa Mesaje Allah a reponn li : « Li pa gen anyen pou li. » Aprèsa, li di : « Anverite, Allah pa aksepte okenn aksyon sof si se pou Li sèlman li te fèt ak tout senserite, epi se kote se satisfaksyon li yap chèche»
Sahih Rapòte pa An-Nasa'i
«Nenpòt moun ki mete swa nan lavi sa a, li pap metel nan lòt lavi a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa gen okenn fatig, ni maladi, ni enkyetid, ni tristès, ni mal, ni lapenn ki frape yon Mizilman, menm yon pikan ki pikel san ke Allah pa retire nan peche li yo atravè li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Te gen yon bedwen (Arab ki rete lwen nan dezè) ki te vin jwenn Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li dil: "Montrem yon zèv sim fè li map antre nan Paradi." Li reponn li: "Se pouw adore Allah san ou pa asosye anyen avèk li , se pouw akonpli priyè (Salat) obligatwa yo, se pouw bay charite (Zakat) ki preskri a, epi se pouw fè jèn nan mwa Ramadan an." Nonm nan di: "Mwen fè sèman sou Sila a ki gen nanm mwen nan men Li an, mwen pap ajoute okenn lòt bagay sou sa." Lèl vire do li poul ale, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) di: "Nenpòt moun ki ta kontan wè yon nonm pami abitan Paradi yo, se poul gade nonm sa a."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun Allah vle byen pou li a, li ba li bon konprann nan relijyon an, epi mwen se sèlman yon moun kap separe, e se Allah ki bay, epi Kominote sa a ap toujou kanpe fèm sou lòd Allah, moun ki opoze ak yo pap ka fè yo ditò, jiskaske lòd Allah la vini».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li