Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

82 of 477 cards

Clear filters
Epi Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te sòti vin jwenn yon gwoup nan konpanyon li yo ki te chita an won, li di yo: «Poukisa nou chita la a?» Yo reponn li: «Nou chita pou nou fè louwanj pou Allah epi dil mèsi paske Li te gide nou nan Islam nan epi Li te fè nou favè sa a.» Li mande yo: «Èske se sou non Allah pa gen lòt rezon ki fè nou chita la a sof sa?» Yo reponn: «Nou fè sèman sou Allah,pa gen lòt rezon ki fè nou chita la a sof sa!» Lè sa a li di yo: «Konnen byen se pa paskem te doute de nou ki fèm te fè nou fè sèman, men se pito zanj Jibril ki te vin kotem epi li fèm konnen Allah Toupwisan an fyè de nou epi Lap vante tèt Li avèk nou devan zanj yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Pi bon lajan (dinar) yon moun ka depanse, se lajan li depanse pou fanmi li. Aprèsa, se lajan li depanse pou bèt li (mwayen transpòl) pou sèvi senyè toupwisan an epi se lajan li depanse pou zanmil (konpayon li) kap sèvi nan chemen Allah." Abou Kilaba (yon moun ki tap rapòte pawòl la) di: "Pwofèt la te kòmanse ak fanmi an apremye." Aprè sa, li di ankò: "Ki moun ki ka gen yon pi gwo rekonpans pase yon gason kap depanse lajan li poul pran swen ti pitit li yo, pou Allah ka pwoteje yo, poul fè yo jwenn avantaj, epi poul fè yo pa nan bezwen (mande moun)?"
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Anverite, moun ki aji ak jistis yo ap bò kote Allah sou fotèy ki fèt ak limyè, sou bò dwat Sila ki gen Tout Mizèrikòd la (Sila ki gen Pouvwa ak Grandè a), epi tou 2 men li yo se men dwat. Se yo menm ki aji avèk jistis nan jijman yo, nan fanmi yo, epi nan tout sa ki sou responsablite yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Yon Mesye te mande Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): « Ki aksyon nan Islam ki pi bon? » Li reponn: « Se pouw bay moun manje, epi pouw bay Salam moun ou konnen ak moun ou pa konnen. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Anverite, Allah satisfè ak sèvitè a lè li manje yon repa epi li fè lwanj pou li pou sa, oswa lè li bwè yon bwason epi li fè lwanj pou li pou sa.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nou pap antre nan Paradi a jiskaske nou gen lafwa, epi nou pap gen lafwa jiskaske nou renmen youn lòt. Èskem pa dwe di nou yon bagay, si nou fè li, nap renmen youn lòt? Simaye Salam nan mitan nou.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
5 priyè chak jou yo, soti nan yon (priyè) Vandredi pou rive nan yon lòt, epi soti nan yon mwa Ramadan pou rive nan yon lòt, se mwayen ki efase (padone) peche ki fèt ant yo a, ak kondisyon pou moun nan evite gwo peche yo.
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Rann lavi a fasil (pou moun yo), pa rann li konplike, epi bay bon nouvèl, pa dekouraje moun.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li