Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
«Lapriyè yon moun an gwoup pi bon pase lapriyè li fè lakay li ak lapriyè l fè nan machel ak 20 ak kèk degre. E sa, se paske lè youn nan yo fè ablisyon, epi li fè sa byen, epi li ale nan Moske a, san ke se pa anyen ki pousel eksepte lapriyè a, epi li pa vle anyen eksepte lapriyè a, pa gen yon pa li fè san ke yo pa elvel yon degre avèk pa sa a, epi yo efase yon peche pou li avèk li, jiskaske li antre nan Moske a. Lè li antre nan Moske a, li konsidere tankou li nan lapriyè toutotan se lapriyè a kap kenbe li. Epi Zanj yo ap priye pou youn nan nou toutotan li rete nan plas kote li te priye a, yap di: O Allah, fèl mizerikòd, O Allah, padonel, O Allah, aksepte repantans li, toutotan li pa nwi okenn moun ladan li, epi toutotan li pa kase ablisyon li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Gen yon Mesye avèg ki te vin bò kote Pwofèt la (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li), epi li di: "O Mesaje Allah, mwen pa gen pèsonn pou mennen m nan moske a." Li te mande Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) pèmisyon pou li priye lakay li. Pwofèt la te ba li pèmisyon an. Men, pandan gason an tap vire poul ale, Pwofèt la relel, epi li dil: "Èske w tande apèl pou priyè a (Azān lan)?" mesye an reponn: "Wi." Pwofèt la di li: "Enben, reponn li (ale nan moske a)."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Yon jou, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè lapriyè douvanjou (Fajr/Sobh) ansanm avèk nou, epi li te mande: «Èske entèl la ?» Yo reponn: «Non.» Li te mande ankò: «Èske entèl la ?» Yo reponn: «Non.» Lè sa a li te di: «Anverite, 2 priyè sa yo se priyè ki pi lou (pi difisil) pou ipokrit yo fè. Si nou te konnen tout benediksyon ak rekonpans ki genyen nan 2 priyè sa yo, nou tap vin ladan yo menm si se trennen sou jenou nou ta dwe trennen. Epi premye ranje nan lapriyè a tankou ranje zanj yo; si nou te konnen tout valè li genyen, nou tap kouri pou nou pran plas la an premye. Lapriyè yon gason fè ansanm ak yon lòt gason gen plis valè (ak plis rekonpans) pase lèl priye poukont li, epi lapriyè li fè ansanm ak 2 gason gen plis valè pase sa li fè ak yon sèl gason. Plis moun yo anpil, se plis sa fè Allah plezi.»
Sahih Se Abou Dawoud, An-Nasa'i ak Ahmad ki rapòte li
Pi bon ranje pou gason yo se premye a, epi pi move a se dènye a; pi bon ranje pou fanm yo se dènye a, epi pi move a se premye a.
Sahih Rapòte pa Mouslim