Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

3 of 477 cards

Clear filters
Filter
Pick a property to filter by
الفئة المستهدفة1
حجم المحتوى4
التخريج المتعدد2
حجم المحتوى: متوسط
Pwofèt la te mande: "O Aboul-Moundhir, èske ou konnen ki vèsè nan Liv Allah a ou posede ki pi gran?" Mwen reponn: "Allah ak Mesaje Li a pi konnen." Li poze kesyon an ankò: "O Aboul-Moundhir, èske ou konnen ki vèsè nan Liv Allah a ou posede ki pi gran?" Mwen reponn: "{Allah, pa gen lòt dye ki sanble ak Li,Li se Lavi ,Sila a ki soutni tout bagay} [Al-Baqarah: 255]." Lè sa a, li frape mwen lejèman sou lestomak epi li di: "Mwen fè sèman sou Allah, konesans lan ap fèw anpil byen, o Aboul-Moundhir!" »
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيالصحابة وفضلهم، فضل العلم، فضائل السور والآياتموضوعات الحديثالحث على طلب العلم، فضائل السور والآيات، الصحابة رضي الله عنهم
Pwofèt la (ke Allah benil epi bal kè poze), chak swa lèl ta pral kouche, li te konn mete 2 pla men li yo ansanm, li te soufle ladan yo, epi li te resite ladan yo: {Di: Li menm Allah, Youn nan}, {Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Seyè ki kreye douvanjou a}, ak {Di: Mwen chèche pwoteksyon nan men Seyè ki soumèt lèzòm yo}. Aprèsa, li te pase men li sou tout pati nan kòl li te kapab rive touche. Li te konn kòmanse sou tèt li, sou figi li, ak sou devan kò li. Li te konn fè sa 3 fwa.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
التصنيف الشرعيالرقية الشرعية وأحكامها، آداب النوم والاستيقاظ، فضائل السور والآياتموضوعات الحديثأذكار النوم، فضائل السور والآيات
« "Èske youn nan nou pa tap kontan, lèl retounen lakay li, poul jwenn 3 manman chamo ki ansent, ki gwo, epi ki gra?" Nou reponn: "Wi." Li di: "Anverite, 3 vèsè yon moun nan nou resite pandan lapriyè li, yo pi bon pou li pase twa manman chamo ki gwo epi ki gra." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيوصف القرآن وفضائله، فضائل السور والآياتموضوعات الحديثتلاوة القرآن، فضائل السور والآيات