Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

25 of 477 cards

Clear filters
«Lapriyè yon moun an gwoup pi bon pase lapriyè li fè lakay li ak lapriyè l fè nan machel ak 20 ak kèk degre. E sa, se paske lè youn nan yo fè ablisyon, epi li fè sa byen, epi li ale nan Moske a, san ke se pa anyen ki pousel eksepte lapriyè a, epi li pa vle anyen eksepte lapriyè a, pa gen yon pa li fè san ke yo pa elvel yon degre avèk pa sa a, epi yo efase yon peche pou li avèk li, jiskaske li antre nan Moske a. Lè li antre nan Moske a, li konsidere tankou li nan lapriyè toutotan se lapriyè a kap kenbe li. Epi Zanj yo ap priye pou youn nan nou toutotan li rete nan plas kote li te priye a, yap di: O Allah, fèl mizerikòd, O Allah, padonel, O Allah, aksepte repantans li, toutotan li pa nwi okenn moun ladan li, epi toutotan li pa kase ablisyon li.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الوضوء، فضل صلاة الجماعة وأحكامها، أحكام المساجدموضوعات الحديثأحكام الوضوء، صلاة الجماعة
« Nenpòt moun ki jene mwa Ramadan an ak lafwa, pandan lap chèche rekonpans nan men Bondye, Bondye ap efase tout peche l te fè anvan sa.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الصيام، شهر رمضانموضوعات الحديثالصوم الواجب، النية في الصيام، الإخلاص
Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te konn fè Takbir nan lapriyè, li te konn fè yon ti silans anvan li kòmanse lekti a. Epi mwen di: "O Mesaje Allah, mwen ta bay papam ak manmanm pou ou, kisa ou konn di nan silans ou fè ant Takbir (deklare grandè Allah) ak lekti a?" Li te di: «Mwen di: O Allah, mete distans ant mwen menm ak pechem yo, menm jan ou mete distans ant Lès ak Lwès. O Allah, netwayem anba pechem yo, menm jan yo netwaye yon rad blan anba salte. O Allah, lavem anba pechem yo avèk nèj, dlo, ak lagrèl.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيصفة الصلاة، أذكار الصلاةموضوعات الحديثسنن الصلاة، صفة الصلاة
«Èske youn nan nou pa pè - oswa: èske youn nan nou pa pè - lè li leve tèt li anvan Imam nan, pou Allah transfòme tèt li an yon tèt bourik, oubyen pou Allah transfòme fòm li an yon fòm bourik?».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيمبطلات الصلاة، أخطاء المصلين، أحكام الإمام والمأمومموضوعات الحديثمكروهات الصلاة، مبطلات الصلاة، صلاة الجماعة
«Allah pa aksepte lapriyè okenn nan nou si li nan eta enpite (salte), toutotan li pa fè ablisyon (Woudou).»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيشروط الصلاةموضوعات الحديثما يَحرُمُ على المُحْدِثِ عملُه، أحكام الوضوء، شروط الصلاة
«E si te gen yon rivyè devan pòt kay youn nan nou, epi li lave kò li ladan li 5 fwa chak jou, èske nou panse ta ka rete yon ti salte sou li?» Yo reponn: «Non, patap rete okenn salte sou li.» Lè sa a, Pwofèt la di: «Se menm jan an tou pou 5 priyè yo; Allah sèvi ak yo poul efase tout peche yo.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيوجوب الصلاة وفضلها وحكم تاركهاموضوعات الحديثمكانة الصلاة وفضلها
«Gen 5 aksyon ki nan nati moun (Al-Fitra): sikonsizyon, raze plim nan pati prive, taye moustach, koupe zong, ak rale plim anba bwa».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيسنن الفطرة والسواكموضوعات الحديثسنن الفطرة
Te gen yon bedwen (Arab ki rete lwen nan dezè) ki te vin jwenn Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li dil: "Montrem yon zèv sim fè li map antre nan Paradi." Li reponn li: "Se pouw adore Allah san ou pa asosye anyen avèk li , se pouw akonpli priyè (Salat) obligatwa yo, se pouw bay charite (Zakat) ki preskri a, epi se pouw fè jèn nan mwa Ramadan an." Nonm nan di: "Mwen fè sèman sou Sila a ki gen nanm mwen nan men Li an, mwen pap ajoute okenn lòt bagay sou sa." Lèl vire do li poul ale, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) di: "Nenpòt moun ki ta kontan wè yon nonm pami abitan Paradi yo, se poul gade nonm sa a."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيآداب العالم والمتعلم، وجوب الصلاة وفضلها وحكم تاركها، وجوب الزكاة وحكم تاركها، وجوب الصيام وحكم تاركه، توحيد الألوهية، الإسلام، الإيمانموضوعات الحديثالزكاة ومكانتها، الصوم الواجب، أهمية التوحيد، مكانة الصلاة وفضلهامحاور التعريف بالإسلاموجوب إفراد الله بالعبادة، أركان الإسلام