Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

11 of 477 cards

Clear filters
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te aprann nou Khutbat al-Hajah (diskou pou mande èd Allah): Tout lwanj se pou Allah. Nou mande Li èd epi nou mande Li padon. Nou chache pwoteksyon nan men Li kont mechanste ki nan pwòp tèt nou. Moun Allah gide, pèsonn pa ka pèdi li; epi moun Li kite pèdi, pèsonn pa ka gide li. Mwen temwaye pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi mwen temwaye Muhammad se sèvitè Li ak Mesaje Li. {O nou menm lèzòm! Krenn Mèt nou an, Li menm ki te kreye nou soti nan yon sèl moun (nanm), ki te kreye madanm li soti nan li menm tou, epi ki te fè anpil gason ak fanm soti nan yo 2 a pou gaye sou tè a. Krenn Allah, Li menm nou sèvi ak non Li pou nou fè demann yonn bay lòt, epi respekte lyen fanmi yo. Paske tout bon, Allah ap veye sou nou chak deprè.} [Sourat An-Nisa: 1] {O nou menm ki kwè! Krenn Allah jan nou dwe krenn Li a tout bon vre, epi pa kite lanmò pran nou si se pa nan eta Mizilman (moun ki soumèt nèt devan Li).} [Sourat Ali 'Imran: 102] {O nou menm ki kwè! Krenn Allah epi toujou pale pawòl ki dwat (ki verite). Lè konsa, Li va fè aksyon nou yo vin bon, epi lap padonnen peche nou yo. Nenpòt moun ki obeyi Allah ak Mesaje Li a, se sèten li ranpòte yon gwo siksè.} [Sourat Al-Ahzab: 70-71]
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah ak Ahmad.
Pwofèt la (Sallalahou Alayhi Wa Sallam) te konn di ant 2 Soudjoud yo: «Mèt mwen, padonem, Mèt mwen, padonem».
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, An-Nasa'i, Ibn Majah ak Ahmad.
Pwofèt la (sallallahou alayhi wa sallam) te konn di ant 2 Soudjoud yo: «O Allah! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, ban mwen lasante, gidem, epi ban mwen mwayen pou mwen viv.»
Hassan (Akseptab) gras a temwayaj ki ranfòse l yo. Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.