Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

12 of 477 cards

Clear filters
«Gen 2 kategori pami moun Lanfè yo mwen poko wè: yon gwoup moun ki gen fwèt tankou ke bèf avèk yo, yap bat moun ak yo; ansanm ak fanm ki abiye men ki toutouni, kap devye tèt yo epi kap detounen lòt moun, tèt yo tankou bòs chamo ki panche sou kote. Yo pap antre nan Paradi a, ni yo pap jwenn sant li, byenke sant li kapab santi depi nan yon distans konsa ak konsa.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Nou te ansanm ak Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), lè li te tande yon gwo bri ki tonbe. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) di konsa: «Èske nou konnen kisa sa ye?» Nou reponn: « Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen.» Li di: «Sa a se yon wòch yo te voye jete nan dife Lanfè a depi swasanndis (70) lane, li tap tonbe desann nan dife a jiska kounye a kote li rive nan fon li.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt moun ki temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li menm sèl, Li pa gen okenn asosye, epi Muhammad se sèvitè Li epi Mesaje Li, epi 'Isa (Jezi) se sèvitè Allah ak Mesaje Li, ak pawòl Li ke Li te voye bay Maryam, epi yon lespri ki soti nan Li, epi Paradi a se verite, epi Lanfè a se verite; Allah ap fè li antre nan Paradi a, kèlkeswa sa zèv li yo te ye.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Yap mennen yon nonm nan Jou Jijman an, yap jete li nan Dife a; trip vant li ap soti deyò, epi lap vire toutotou yo menm jan yon bourik ap vire toutotou yon moulen. Moun ki nan Dife a ap rasanble bò kotel, yap di li: "Enfòmasyon sou ou, entèl! Sak pasew konsa? Èske se pat ou menm ki te konn bay lòd pou moun fè sa ki byen epi entèdi sa ki mal?" Lap reponn: "Wi se vre, mwen te konn bay lòd pou moun fè sa ki byen men mwen menm mwen pat konn fèl, epi mwen te konn entèdi moun fè sa ki mal pandan mwen menm mwen te konn fèl." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li