Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
Priyè Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè pi souvan an se te: «O Allah, O Senyè nou, ban nou yon byenfè nan lavi isiba ak yon byenfè nan lavi aprè lanmò, epi pwoteje nou kont pinisyon dife a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn repete souvan: «O Ou menm kap vire kè yo, kenbe kè mwen fèm sou relijyon Ou an.» Lè sa a, mwen te di: "O Mesaje Allah, nou kwè nan ou ak nan sa ou pote a, èske ou gen krentif pou nou?" Li reponn: «Wi, san dout, kè yo nan mitan 2 dwèt pami dwèt Allah yo, Li vire yo jan Li vle.»
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
Mwen te di: O Mesaje Allah, anseye mwen yon bagay pou mwen mande Allah Toupwisan ak Majestye a. Li te di: «Mande Allah byennèt», epi mwen te rete pandan kèk jou, aprèsa mwen te vini epi mwen te di: O Mesaje Allah, anseye mwen yon bagay pou mwen mande Allah. Epi li te di mwen: «O Abbas, O tonton Mesaje Allah, mande Allah byennèt nan lavi sa a ak nan lòt lavi a».
(Otantik gras a lòt vèsyon) Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
Yon bedwen (arab ki rete nan dezè) te vin jwenn Mesaje Allah a (ke lapriyè ak lapè Allah sou li), epi li di: «Montrem kèk pawòl poum di.» Li reponn: «Di: Pa gen lòt divinite ki merite adore Sèlman Allah, Li pa gen okenn asosye; Allah se pi gran an toutbon vre; anpil lwanj se pou Allah ; glwa pou Allah, Mèt tout linivè a; pa gen okenn fòs ni okenn pouvwa si se pa gras ak Allah Toupwisan an, Saj la.» Bedwen an di: «Sa yo se pou Mèt mwen, men kisa ki pou mwen?» Pwofèt la di: «Di: O Allah padonem, fèm mizèrikòd, gidem, epi ban mwen pwovizyon.»
Sahih Rapòte pa Mouslim