Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (48)
«Premye bagay yo pral jije ant moun yo nan Jou Jijman an, se nan zafè san.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te mande Pwofèt la (ke benediksyon ak lapè Allah sou li): "Ki peche ki pi grav nan zye Allah?" Li di: "Se pouw mete yon egal ak Allah [ asosye], alòske se Li menm ki kreye w." Mwen di: "Sevre, sa a grav anpil!" Mwen di: "Epi aprèsa, kiyès?" Li di: "Se pouw touye pitit ou ak anvi kache poul pa manje avèw [sètadi ak laperèz pou li pa vin konsome nan rasyon ou an]." Mwen di: "Epi aprèsa, kiyès?" Li di: "Se pouw fè adiltè ak madanm vwazen ou."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di yon pawòl, epi mwen te di yon lòt. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: «Moun ki mouri pandan lap adore yon lòt bagay oswa yon lòt moun kòm egal-ego ak Allah ; moun sa a ap antre nan lanfè.» Epi mwen menm, mwen te di: Moun ki mouri pandan li pap adore okenn lòt bagay oswa okenn lòt moun kòm egal-ego ak Allah ; moun sa a ap antre nan Paradi a.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) ; li menm ki toujou di laverite epi pawòl li se laverite ,te rakonte nou sa: "Yo rasanble fòmasyon chak nan nou anndan vant manman li pandan 40 jou ak 40 nwit. Aprèsa, li tounen yon boul san (ki pandye) pandan menm kantite tan an. Apre sa, li tounen yon ti moso chè pandan menm kantite tan an. Apre sa, yo voye yon zanj bò kotel, epi yo ba li lòd poul ekri 4 bagay. Zanj lan ekri: mwayen sibzistans li (sa lap jwenn poul viv), longè lavil, aksyon lap gen pou li fè, epi si lap fini kòm yon moun malere oswa kòm yon moun ere (sove). Lèfini, zanj lan soufle nanm nan nan li. Se konsa, youn nan nou kapab ap fè zèv moun ki prale nan Paradi, jiskaske se sèlman yon distans yon bra ki rete ant li menm ak Paradi a; men sak te deja ekri nan desten li an akonpli, lal fè zèv moun ki prale nan Lanfè, epi li antre nan Lanfè. Epi, youn nan nou kapab ap fè zèv moun ki prale nan Lanfè, jiskaske se sèlman yon distans yon bra ki rete ant li menm ak Lanfè a; men sak te deja ekri nan desten li an akonpli, lal fè zèv moun ki prale nan Paradi, epi li antre nan Paradi." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Yon mesye te di: O Mesaje Allah, èske yap rann nou responsab pou sa nou te fè nan epòk inyorans lan ? Li di: «Nenpòt moun ki aji byen nan Islam, yo pap rann li responsab pou sa li te fè nan epòk inyorans lan, epi nenpòt moun ki aji mal nan Islam, yap rann li responsab pou premye a ak dènye a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li