Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

12 of 477 cards

Clear filters
Gen kèk nan konpayon Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki te di Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li): "O Mesaje Allah, moun rich yo ale ak tout rekonpans yo; yo priye menm jan nou priye, yo fè jèn menm jan nou fè jèn, epi yo bay Sadaka avèk sipli richès yo genyen." Li reponn yo: «Èske Allah pa ban nou mwayen pou nou fè Sadaka tou? Sètènman, chak Tasbih (lè nou di SoubhanAllah) se yon Sadaka, chak Takbir (lè nou di Allahu Akbar) se yon Sadaka, chak Tahmid (lè nou di Alhamdulillah) se yon Sadaka, chak Tahlil (lè nou di La ilaha illa Allah) se yon Sadaka; ankouraje moun fè sa ki byen se yon Sadaka, anpeche moun fè sa ki mal se yon Sadaka, epi gen yon Sadaka nan relasyon entim youn nan nou (avèk madanm li).» Yo dil: "O Mesaje Allah, èske youn nan nou kapab satisfè dezi li epi poul jwenn rekonpans pou sa?" Li reponn: «Èske nou pa wè, si li ta mete dezi li nan Haram (nan sa ki entèdi), li tap gen yon peche pou sa? Ebyen konsa tou, lè li mete li nan Halal (nan fason Allah pèmèt la), lap jwenn yon rekonpans.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Si nou tande moun kap fè apèl pou lapriyè a (Muezzin an), repete sal di a. Aprèsa , mande benediksyon pou mwen, paske nenpòt moun ki mande benediksyon pou mwen yon sèl fwa, Allah ap beni li 10 fwa pou sa. Epi, mande Allah pou mwen al-Wasilah (yon plas espesyal nan Paradi a). Se yon pozisyon nan Paradi a ki pa apwopriye pou lòt moun pase youn nan sèvitè Allah yo, epi mwen espere se mwen menm ki pral jwenn li. Nenpòt moun ki mande al-Wasilah pou mwen, lap jwenn dwa pou mwen entèsede pou li . »
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Nenpòt moun ki di: "Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay," 10 fwa, lap tankou yon moun ki libere 4 moun pami pitit Ismayil yo. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) tap vwayaje sou wout ki mennen Lamèk la, li pase bò kote yon mòn yo rele Joumdan, epi li di: "Kontinye mache, men Joumdan! Moun ki izole tèt yo pou adore Allah yo devanse tout lòt moun." Yo mande li: "Kiyès moun sa yo ye, o Mesaje Allah ?" Li reponn: "Se gason ak fanm ki sonje Allah anpil yo." »
Sahih Rapòte pa Mouslim