Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
« Nenpòt moun ki soulaje yon kwayan nan yon gwo pwoblèm lavi a, Allah ap soulaje li nan yon gwo pwoblèm jou jijman an. Nenpòt moun ki fasilite lavi yon moun ki nan bezwen, Allah ap fasilite lavi pal nan mond sa a ak nan lòt mond lan. Nenpòt moun ki kouvri defo yon mizilman, Allah ap kouvri defo pa li nan mond sa a ak nan lòt mond lan. Allah ap ede sèvitè a toutotan sèvitè a ap ede frèl. Nenpòt moun ki pran yon chemen pou li chèche konesans, Allah ap fasilite pou li chemen ki mennen nan paradi a. Pa gen yon gwoup moun ki reyini nan youn nan kay Allah yo, kap resite liv la epi kap etidyel ansanm, san lapè (sekirite nan kè) pa desann sou yo, san pitye Senyè toupwisan an pa kouvri yo, san zanj Allah yo pa antoure yo, epi Allah pa mansyone yo devan zanj ki bò kotel yo. Nenpòt moun aksyon li yo ralanti, relasyon fanmi li (oswa orijin li) pap fèl avanse pi vit. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Moun Allah vle byen pou li a, li ba li bon konprann nan relijyon an, epi mwen se sèlman yon moun kap separe, e se Allah ki bay, epi Kominote sa a ap toujou kanpe fèm sou lòd Allah, moun ki opoze ak yo pap ka fè yo ditò, jiskaske lòd Allah la vini».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Sètènman, pami siy Lè a(jou jijman an) : konesans lan ap disparèt, inyorans ap ogmante, ap gen anpil Zina (fònikasyon ak adiltè), moun ap bwè anpil alkòl, kantite gason ap diminye, epi kantite fanm ap ogmante, jiskaske se yon sèl gason ki pral responsab pou pran swen senkant (50) fanm.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la te mande: "O Aboul-Moundhir, èske ou konnen ki vèsè nan Liv Allah a ou posede ki pi gran?" Mwen reponn: "Allah ak Mesaje Li a pi konnen." Li poze kesyon an ankò: "O Aboul-Moundhir, èske ou konnen ki vèsè nan Liv Allah a ou posede ki pi gran?" Mwen reponn: "{Allah, pa gen lòt dye ki sanble ak Li,Li se Lavi ,Sila a ki soutni tout bagay} [Al-Baqarah: 255]." Lè sa a, li frape mwen lejèman sou lestomak epi li di: "Mwen fè sèman sou Allah, konesans lan ap fèw anpil byen, o Aboul-Moundhir!" »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Epi Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te sòti vin jwenn yon gwoup nan konpanyon li yo ki te chita an won, li di yo: «Poukisa nou chita la a?» Yo reponn li: «Nou chita pou nou fè louwanj pou Allah epi dil mèsi paske Li te gide nou nan Islam nan epi Li te fè nou favè sa a.» Li mande yo: «Èske se sou non Allah pa gen lòt rezon ki fè nou chita la a sof sa?» Yo reponn: «Nou fè sèman sou Allah,pa gen lòt rezon ki fè nou chita la a sof sa!» Lè sa a li di yo: «Konnen byen se pa paskem te doute de nou ki fèm te fè nou fè sèman, men se pito zanj Jibril ki te vin kotem epi li fèm konnen Allah Toupwisan an fyè de nou epi Lap vante tèt Li avèk nou devan zanj yo.»
Sahih Rapòte pa Mouslim