Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

11 of 477 cards

Clear filters
«Jou Jijman an pap rive jouk yon moun pase bò tonb yon lòt moun epi li di: Mwen ta swete se mwen ki te nan plas li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Dife nou an se yon pati nan swasanndis pati dife Lanfè a." Yo dil: "O Mesaje Allah! Si se te jis sa a, li tap sifi." Li reponn: "Li depase yo pa swasant-nèf pati, chak nan yo gen menm chalè ak li."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Kwayan ki fò a pi bon epi Allah renmenl plis pase kwayan ki fèb la, epi nan yo chak genyen byen. Kenbe fèm sou sa kap itil ou, mande èd nan men Allah, epi pa dekouraje. Epi si yon bagay rivew, pa di: sim te fè sa, li tap konsa ak konsa, men di pito: Se sa Allah te deside, epi li fè sa Li vle; paske, an verite, «si» louvri pòt pou travay satan an».
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Pa fè jalouzi youn pou lòt, pa fè magouy sou pri pou twonpe youn lòt, pa rayi youn lòt, pa vire do bay youn lòt, epi youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gatel ; okontrè, O sèvitè Allah yo, se pou nou viv tankou frè. Yon mizilman se frè yon lòt mizilman : li pa fèl lenjistis, li pa lagel nan tray, epi li pa meprizel . "Krentif pou Allah a (Taqwa) se la a li ye," epi li lonje dwèt li sou pwatrin li 3 fwa. "Li sifi kòm yon gwo mal pou yon moun ta meprize frè mizilman li an. Tout sa yon mizilman genyen se bagay ki sakre pou yon lòt mizilman atake : san l, byen li yo, ak onèl." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Allah, ki beni epi ki anwo nèt la, di: "Mwen se Sila a ki pi endepandan mwen pa bezwen okenn asosye. Nenpòt moun ki fè yon aksyon kote li asosye yon lòt ansanm avè m, Mwen abandone ni li menm, ni chirk li a (sa li asosye avè m nan).
Sahih Rapòte pa Mouslim
«An verite, Allah pa gade aparans nou ak richès nou, men li gade kè nou ak aksyon nou yo».
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Pwofèt la te di: "Evite 7 gwo peche ki detwi moun." Yo mande l: "O Mesaje Allah, kiyès yo ye?" Li reponn: "Se bay Allah asosye (chirk), fè maji (si-r), touye yon moun Allah entèdi touye sof pou yon rezon valab, manje enterè (riba), manje byen yon timoun òfelen, kouri kite chan batay la lè gè a pete , ak akize fanm ki chaste, ki kwayan e ki inosan (fè yo sispèk kòm fanm movèz vi)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa gen maladi atrapan ('Adwa), ni move siy (sipèstisyon), ni zwazo kap pote malè (Hamah), ni move chans nan mwa Safar , epi kouri pou moun ki gen lèp la menm jan wap kouri pou yon lyon».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li