Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

83 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (47)
« O moun yo! Allah sen e Li pafè, Li pa aksepte anyen ki pa pwòp. Allah te bay kwayan yo menm lòd li te bay pwofèt yo. Li te di: "O nou menm pwofèt yo! Manje nan sa ki bon (legal/pwòp) epi fè bon aksyon, mwen menm mwen byen konnen sa nap fè." (Al-Mu'minun: 51). Li te di tou: "O nou menm ki kwè! Manje nan bon bagay mwen te ban nou yo." (Al-Baqarah: 172).
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Gen kèk pawòl (Adhkar) ki vin aprè lapriyè, moun ki di yo - oswa ki fè yo - aprè chak lapriyè obligatwa pap janm desi: se di 'Subhanallah' (Glwa pou Allah ) 33 fwa, di 'Alhamdulillah' (Lwanj pou Allah ) 33 fwa, epi di 'Allahu Akbar' (Allah pi gran) 34 fwa. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Nou te ansanm ak Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), lè li te tande yon gwo bri ki tonbe. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) di konsa: «Èske nou konnen kisa sa ye?» Nou reponn: « Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen.» Li di: «Sa a se yon wòch yo te voye jete nan dife Lanfè a depi swasanndis (70) lane, li tap tonbe desann nan dife a jiska kounye a kote li rive nan fon li.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Detache ou de lavi sou latè, Allah ap renmen ou, epi detache ou de sa moun genyen, moun ap renmen ou.»
« An-Nawawi te di: Se yon hadis ki bon (Hassan). » Rapòte pa Ibn Majah, ak lòt moun ankò, avèk bon chèn transmisyon.
«Èske mwen pa dwe fè nou konnen pi gwo nan gwo peche yo?» 3 fwa, yo reponn: «Wi, o Mesaje Allah.» Li di: «Bay Allah asosye, ak dezobeyi paran yo.» Epi li te chita pandan li te apiye, epi li di: «Atansyon, ak fo pawòl (fo temwayaj).» Li di: Epi li te kontinye ap repetel jiskaske nou te di: Nou ta swete li te fè silans.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« "Viv nan mond sa a tankou si ou se yon etranje oswa yon vwayajè kap pase." Epi Ibn Omar te konn di: "Si ou rive nan aswè, pa tann maten (pa mete espwaw nan demen), e si ou leve nan maten, pa tann aswè. Pran (pwofite) nan santew pou lèw malad, epi pran nan laviw pou lèw mouri." »
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Eprèv yo ap toujou kontinye frape kwayan an, gason kou fi, nan pwòp lavi li, nan pitit li ak nan byen li, jiskaske li rankontre Allah san pa gen okenn peche sou li.»
« Bon » ou « Byen » Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
"«Gwo peche yo se: bay Allah asosye, maltrete paran, touye moun, ak sèmante sou manti.»"
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.