Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

57 of 477 cards

Clear filters
« Mwen pa kite aprè mwen okenn tantasyon ki pi nwizib pou gason yo pase fanm yo. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Gen 2 kategori pami moun Lanfè yo mwen poko wè: yon gwoup moun ki gen fwèt tankou ke bèf avèk yo, yap bat moun ak yo; ansanm ak fanm ki abiye men ki toutouni, kap devye tèt yo epi kap detounen lòt moun, tèt yo tankou bòs chamo ki panche sou kote. Yo pap antre nan Paradi a, ni yo pap jwenn sant li, byenke sant li kapab santi depi nan yon distans konsa ak konsa.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
"Anverite, aksyon yo depann sou entansyon, epi chak moun ap jwenn sal te gen nan entansyon li. Donk, nenpòt moun ki fè 'hijra' (imigrasyon l) pou Allah e ak Mesaje li a, 'hijra' li a se pou Allah ak Mesaje li a. Men, nenpòt moun ki fè 'hijra' li poul jwenn yon benefis nan mond nan, oswa poul marye ak yon fanm, donk 'hijra' li a se pou sa li te fè 'hijra' a pou li." Nan yon lòt vèsyon (hadis) nan liv Al-Bukhari, li di: "Anverite, aksyon yo depann sou entansyon yo, epi chak moun ap jwenn sal te gen nan entansyon li."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki rive yon kote epi aprèsa li di: "Map chache pwoteksyon nan pawòl Allah yo ki san defo, kont tout malè nan sa li kreye", anyen pap ka fèl mal jouk li kite kote sa a.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Anverite, Allah pwòp (Li bon nèt), epi Li aksepte sèlman sa ki pwòp. Allah bay kwayan yo menm lòd Li te bay Pwofèt yo. Men sa Li te di Pwofèt yo: 'O nou menm Mesaje yo! Manje nan sa ki bon (ki pwòp), epi fè sa ki dwat', Epi Li di kwayan yo tou: 'O nou menm ki kwè! Manje nan sa ki bon nan sa nou ba nou yo.' Aprèsa, Pwofèt la bay egzanp yon vwayajè ki fè yon vwayaj byen lwen, cheve li tou gaye ,li kouvri ak pousyè, epi lap leve 2 bral nan syèl la, lap rele: "O senyè! O senyè!" poutan, manjel se vòlè (haram), bwason li se vòlè, rad sou li se vòlè, epi li grandi nan sa ki mal (haram). Ki jan pou Allah ta fè reponn yon moun konsa?!»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt moun ki li 2 dènye vèsè nan chapit "Sourat Al-Baqarah yo" pandan lannwit, 2 vèsè sa yo ap ase pou pwoteje li kont tout malè.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Tout kominote mwen an ap jwenn padon, eksepte moun kap pibliye peche yo aklè. Epi pami fason moun pibliye peche yo, se lè yon moun fè yon aksyon lannwit, aprèsa li leve nan maten pandan Allah te kache sa pou li, epi lap di: O entèl, yèswa mwen te fè tèl ak tèl bagay. Li te pase nwit la pandan Senyèl te kache li pou li, epi li leve nan maten lap retire vwal Allah te mete sou li a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Sètènman, Allah (Toupwisan ak Majestye) lonje men Li pandan lannwit pou moun ki komèt peche pandan jounen an ka repanti, epi Li lonje men li pandan jounen an pou moun ki komèt peche pandan lannwit lan ka repanti, jiskaske solèy la leve nan lwès.»
Sahih Rapòte pa Mouslim