Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

35 of 477 cards

Clear filters
«Bonte se gen bon karaktè, epi peche a se sa kap trakase nan kè ou, epi ou pa ta renmen moun konnen li.»
Sahih Premye adis la: Rapòte pa Mouslim, ak dezyèm adis la: Rapòte pa Ahmad ak Ad-Darimi.
Mwen konseye nou pou nou toujou di laverite, paske laverite mennen nan fè sa ki byen (ladwati), epi fè sa ki byen mennen nan Paradi a. Yon moun ap kontinye di laverite epi chèche di sa ki vrè jiskaske Allah ekri non li kòm yon moun ki fidèl e sensè nèt (Siddīq). Epi fè atansyon ak manti, paske manti mennen nan move zak, epi fè move zak mennen nan Lanfè. Yon moun ap kontinye bay manti epi chèche bay manti jiskaske Allah ekri non li kòm yon gwo mantè.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun ki fò a se pa moun ki konn bat moun nan goumen, men moun ki fò a se moun ki kontwole tèt li lè li an kòlè.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pase bò kot 2 tonb, epi li te di: «Anverite, yap pini yo tou 2 epi se pa pou yon gwo zafè yap pini yo, kanta pou youn nan yo, li pat konn pwoteje tèt li kont pipi li, epi kanta pou lòt la, li te konn mache ap fè tripotay.» Aprèsa li te pran yon branch palmis frèch, li fann li an 2, epi li plante youn sou chak tonb. Yo te di: O Mesaje Allah, poukisa ou fè sa? Li te di: «Petèt sa ap soulaje yo toutan yo poko sèch.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun ki prive de dousè, li prive de tout byen.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Dousè (Rifq) pa janm nan yon bagay san li pa rann bagay sa a bèl, epi yo pa janm retire dousè nan yon bagay san yo pa rann li lèd.».
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Moun ki rakonte yon pawòl sou mwen ke li wè se yon manti, li se youn nan moun ki bay manti yo».
Sahih Rapòte pa Mouslim nan entwodiksyon li a
«Anverite, Allah mande pou nou aji ak bon kè nan tout sa nap fè. Si nou gen pou nou touye (nan lagè), fèl ak bon jan fason. Si nap touye yon bèt (poun manje), fèl ak bon jan fason: se pou chak moun file kouto li byen file, epi se pou li fè bèt la pa soufri.»
Sahih Rapòte pa Mouslim