Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

8 of 477 cards

Clear filters
«Yon fi pa dwe vwayaje pou yon distans 2 jou esepte avèk maril oswa yon mahram, epi pa dwe gen jèn nan 2 jou: Al-Fitr ak Al-Adha, epi pa dwe gen priyè aprè Subh jiskaske solèy la leve, ni aprè Asr jiskaske solèy la kouche, epi yo pa dwe antreprann vwayaj esepte pou 3 moske: Moske Al-Haram, Moske Al-Aqsa, ak moskem nan la a».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Islam nan bati sou 5 pilye: Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah epi Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li, fè lapriyè, bay Zakat, fè pelerinaj nan Kay Allah a, epi fè jèn nan mwa Ramadan an».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di yon fanm pami Ansar yo - ke Ibn Abbas te site non li, men mwen bliye non an - : «Ki sa ki te anpechew fè hajj la ansanm ak nou?» Li reponn: «Nou te genyen sèlman 2 chamo pou bwote dlo; papa pitit li a ak pitit gason li an te sèvi ak yon chamo pou yo ale fè hajj la, epi li te kite lòt chamo a pou nou pou nou te ka bwote dlo.» Lè sa a, li di: «Lè mwa Ramadan an rive, fè Oumra, paske vrèman, yon Oumra ladan li vo yon Hajj.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"Pa gen okenn jou kote bon aksyon yo pi renmen devan Allah pase jou sa yo" — sa vle di 10 premye jou [Dhul-Hijjah] yo. Yo di: "O Mesaje Allah, pa menm Jihad nan chemen Allah a?" Li di: "Pa menm Jihad nan chemen Allah a, eksepte yon moun ki ta soti ak pwòp tèt li ansanm ak byen li, epi li pat tounen ak anyen nan sa."
Sahih Rapòte pa Al-Boukhari ak Abou Dawoud, epi pawòl yo se pal.
"O Mesaje Allah, nou wè konba (Djihad) kòm pi bon aksyon an, èske nou pa ta dwe fè konba? Li di: «Non, men pi bon konba (Djihad) pou nou medam yo: se yon pelerinaj (Hadj) ki aksepte.»"
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Moun ki fè pelerinaj la (Hajj) pou Allah sèlman, epi pandan lap fèl la li pa di okenn vye pawòl ni li pa komèt okenn peche, lap tounen (lakay li) pwòp san okenn peche, egzakteman menm jan ak jou manman li te fenk fèl la.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Islam baze sou 5 prensip: temwanye pa gen lòt dye pase Allah epi Muhammad se sèvitè li ak mesaje li, fè lapriyè, bay zakat, fè pelerinaj nan Kay la (Kaaba), epi fè jèn pandan mwa Ramadan an.
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te sakrifye 2 belye mouton blan ak nwa ki gen kòn, li te sakrifye yo ak pwòp men li, li te di: "Nan non Allah", epi li te deklare "Allah se pi Gran an", epi li te mete pye li sou kote kou yo.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li