Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

30 of 477 cards

Clear filters
Gen kèk mesye ki te vin jwenn Sahl ibn Sa’d as-Sa’idi, epi yo te gen yon diskisyon sou ki kalite bwa minbar (chèz kote yo bay sèmon an) te fèt. Yo mandel sou sa, e li di: "Pa Allah, mwen konnen byen ki sa li fèt! Mwen te wèl depi premye jou yo te mete li, e premye jou Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te chita sou li. Pwofèt la te voye chache yon fanm nan branch fanmi Ansari yo, Sahl te bay non fanm nan—li te di li: 'Di ti gason bòs chapant ou a poul fè yon chèz (ak bwa) poum chita sou li lè map pale ak moun yo.' Fanm nan te bay lòd, e bòs la te fè li ak bwa tarfa (tamaris) ki soti nan forè a. Li te pote li, epi fanm nan te voye chache Pwofèt la. Li te bay lòd pou yo metel la a. Aprèsa, mwen te wè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè lapriyè sou li. Li te di 'Allahu Akbar' pandan li te sou li, li te fè roukou pandan li te sou li, epi li te desann pa dèyè pou lal fè soujoud (pwosternasyon) nan pye minbar a, aprèsa li te retounen monte. Lèl te fini, li te vire gade moun yo epi li di: 'O nou menm moun yo, mwen te fè sa sèlman pou nou ka swiv mwen epi pou nou aprann kijan mwen lapriyè.'
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Ant chak 2 apèl (Azàn ak Ikama) gen yon lapriyè; ant chak 2 apèl gen yon lapriyè. » Aprèsa, li di nan twazyèm fwa a: « Pou moun ki vle. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Lè younn nan nou antre nan Masjid la, se pou li fè 2 'Raka' anvan li chita».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Islam baze sou 5 prensip: temwanye pa gen lòt dye pase Allah epi Muhammad se sèvitè li ak mesaje li, fè lapriyè, bay zakat, fè pelerinaj nan Kay la (Kaaba), epi fè jèn pandan mwa Ramadan an.
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
«Si yon jou Vandredi ou di kamarad ou: Fè silans, pandan Imam nan ap preche, enben ou pale pou granmesi».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Fè priyè Asr la byen bonè, paske Pwofèt la (salla Allahu alayhi wa sallam) te di: «Moun ki abandone priyè Asr la, tout zèv li yo anile.»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Lè Oum Salama te rakonte Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou yon legliz li te wè nan peyi Abisini ki te rele "Mariya", li te pale li sou imaj li te wè ladan li yo. Lè sa a, Mesaje Allah a te di: "Sa yo se yon pèp kote lè yon bon sèvitè oswa yon bon nonm mouri nan mitan yo, yo bati yon moske sou tonb li epi yo mete imaj sa yo ladan li. Sa yo se pi move kreyati nan zye Allah."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Priye kanpe, men si ou pa kapab, fè li chita, men si ou pa kapab, fèl sou kote w».
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.