Skip to content

Aliyen ranje nou yo dwat, paske byen aliye ranje yo fè pati sa ki konplete lapriyè a.

Daprè Anas ibn Malik (se pou Allah satisfè ak li), li te di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Ranje ran nou yo dwat, paske ranje ran yo dwat se youn nan sa ki rann lapriyè a konplè.»

«سَوُّوا صُفُوفَكُمْ، فَإِنَّ تَسْوِيَةَ الصَّفِّ مِنْ تَمَامِ الصَّلَاةِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) bay moun kap priye yo lòd pou yo drese ranje yo, pou youn pa avanse devan lòt ni rete dèyè, epi pou yo konnen drese ranje yo se youn nan sa ki rann lapriyè a konplè epi pafè, epi si ranje a kwochi, sa se yon defo ak yon mank nan lapriyè a.

Pami benefis Hadith la

Li preskri (lejitim) pou moun bay enpòtans ak tout sa ki konplete lapriyè a epi ki pwoteje li kont nenpòt mankman oswa defo.

Sajès Pwofèt la, lapè ak benediksyon Allah sou li, nan ansèyman li, kote li asosye règ la avèk rezon li; yon fason pou sajès ki nan lejislasyon an kapab parèt aklè, epi pou ankouraje nanm yo pou yo obeyi.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 145) (723).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 324) (433).

Plis (6)

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص127).

تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.

لابن عثيمين (1/ 161).

الإفهام في شرح عمدة الأحكام.

لابن باز (ص173).