Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

6 of 477 cards

Clear filters
Filter
Pick a property to filter by
الفئة المستهدفة1
حجم المحتوى2
التخريج المتعدد2
الخلفية الدينية للمستهدف1
«Satan ap vin jwenn youn nan nou, epi li di: Kilès ki kreye tèl bagay? Kilès ki kreye tèl bagay? Jiskaske li di: Kilès ki kreye Seyè ou a? Epi si li ta rive nan pwen sa a, enben se pou li chache pwoteksyon nan men Allah, epi se pou li sispann.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفوائد ذكر الله عز وجل، الأذكار للأمور العارضة، توحيد الربوبية، الإسلامموضوعات الحديثالذِّكْر، الإيمان بالله تعالىمحاور التعريف بالإسلامدليل الخلق والإيجاد، شبهات حول وجود الله
«2 pawòl ki lejè sou lang, ki lou nan balans lan, ke Sila a ki gen anpil Mizèrikòd la renmen anpil: Glwa pou Allah ki Gran an, Glwa pou Allah ansanm ak lwanj pou Li».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الذكر، الأذكار المطلقةموضوعات الحديثالذِّكْر، سعة فضل الله عز وجل
«Nenpòt moun ki di: 'Subhanallah wa bihamdihi' (Glwa pou Allah epi lwanj pou Li) san (100) fwa nan yon jou, yap padone peche li yo, menm si yo ta tankou kim lanmè a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الذكر، فوائد ذكر الله عز وجل، الأذكار المطلقةموضوعات الحديثالذِّكْر، سعة فضل الله عز وجل
«Pou mwen di: Glwa pou Allah, Lwanj pou Allah, Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, epi Allah pi gran, sa pi dous nan kèm pase tout sa solèy la leve sou yo.
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيفضل الذكر، الأذكار المطلقةموضوعات الحديثالذِّكْر
«Nenpòt moun ki di 'Subhanallah' (Glwa pou Allah ) 33 fwa aprè chak lapriyè, li di 'Alhamdulillah' (Lwanj pou Allah ) 33 fwa, epi li di 'Allahu Akbar' (Allah pi gran) 33 fwa, sa fè katrevendiznèf (99). Epi poul ka rive nan san (100), li di: 'Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay, y ap padonnen peche l yo menm si yo ta tankou kim lanmè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيفضل الذكر، أذكار الصلاةموضوعات الحديثالذِّكْر، سنن الصلاة
« Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) tap vwayaje sou wout ki mennen Lamèk la, li pase bò kote yon mòn yo rele Joumdan, epi li di: "Kontinye mache, men Joumdan! Moun ki izole tèt yo pou adore Allah yo devanse tout lòt moun." Yo mande li: "Kiyès moun sa yo ye, o Mesaje Allah ?" Li reponn: "Se gason ak fanm ki sonje Allah anpil yo." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيفضل الذكرموضوعات الحديثالذِّكْر