Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

3 of 477 cards

Clear filters
«Lè youn nan nou antre nan moske a, se pou li di: O Allah, louvri pou mwen pòt mizèrikòd Ou yo, epi lè li soti, se pou li di: O Allah, mwen mande Ou nan favè Ou.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيأذكار الدخول والخروج من المسجد، أحكام المساجدموضوعات الحديثأحكام المساجد غير الحرمين، الدعاء
« Moman kote yon sèvitè pi prè Senyè a ,se lè li nan pozisyon soujoud (lèl mete tèt li atè poul adore), kidonk fè anpil doua (lapriyè/envokasyon) nan pozisyon sa a. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيآداب الدعاء، أسباب إجابة الدعاء وموانعه، صفة الصلاة، أذكار الصلاة، صلاة التطوعموضوعات الحديثالدعاء، صفة الصلاة
Yon bedwen (arab ki rete nan dezè) te vin jwenn Mesaje Allah a (ke lapriyè ak lapè Allah sou li), epi li di: «Montrem kèk pawòl poum di.» Li reponn: «Di: Pa gen lòt divinite ki merite adore Sèlman Allah, Li pa gen okenn asosye; Allah se pi gran an toutbon vre; anpil lwanj se pou Allah ; glwa pou Allah, Mèt tout linivè a; pa gen okenn fòs ni okenn pouvwa si se pa gras ak Allah Toupwisan an, Saj la.» Bedwen an di: «Sa yo se pou Mèt mwen, men kisa ki pou mwen?» Pwofèt la di: «Di: O Allah padonem, fèm mizèrikòd, gidem, epi ban mwen pwovizyon.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيهدي النبي صلى الله عليه وسلم في الذكر، الأذكار المطلقة، الأدعية المأثورةموضوعات الحديثالدعاء، الذِّكْر