عربي - Arabic English Qafár af - Afar Afrikaans - Afrikanns Akan Shqip - Albanian አማርኛ - Amharic Հայերեն - Armenian অসমীয়া - Assamese Azərbaycanca - Azerbaijani Bamanankan - Bambara Bassa Bemba বাংলা - Bengali Bosanski - Bosnian Български - Bulgarian မြန်မာဘာသာ - Burmese Bisaya - Cebuano Cham Нохчий - Chechen chiCheŵa - Chewa 中文 - Chinese Адыгэбзэ - Circassian Hrvatski - Croatian Česky - Czech Dagbani Dansk - Danish فارسی دری - Dari Dendi ދިވެހި ބަސް - Dhivehi Nederlands - Dutch إستوني - Estonian Suomi - Finnish Fon Français - French Fulfulde - Fula ქართული - Georgian Deutsch - German Ελληνικά - Greek ગુજરાતી - Gujrati Kreyòl ayisyen - Haitian Creole Hausa हिन्दी - Hindi Magyar - Hungarian Igbo Indonesia - Indonesian Italiano - Italian 日本語 - Japanese Jóola - Jola ಕನ್ನಡ - Kannada Қазақша - Kazakh ភាសាខ្មែរ - Khmer Kikuyu Ikinyarwanda - Kinyarwanda Ikirundi - Kirundi 한국어 - Korean كوردی سۆرانی - kurdish كوردي kurmancî - Kurmanji Kyrgyz ລາວ - Lao latviešu - Latvian Lingala lietuvių - Lithuanian Luganda Македонски - Macedonian Maguindanaon Malagasy - Malagasy Bahasa Melayu - Malay മലയാളം - Malayalam Mandinka मराठी - Marathi Mõõré - Moore नेपाली - Nepali أنكو - NKo Norwegian ଓଡ଼ିଆ - Odia oromoo - Oromo پښتو - Pashto فارسی - Persian Polski - Polish Portuguese ਪੰਜਾਬੀ - Punjabi Română - Romanian Русский - Russian Српски - Serbian Shona සිංහල - Sinhala Slovenščina - Slovenian Soomaaliga - Somali Soninke Sesotho - Sotho Español - Spanish Kiswahili - Swahili Svenska - Swedish Tagalog Тоҷикӣ - Tajik தமிழ் - Tamil తెలుగు - Telugu ไทย - Thai ትግረኛ - Tigrinya Türkçe - Turkish Türkmen - Turkmen Ukrainian اردو - Urdu ئۇيغۇرچە - Uyghur Ўзбек - Uzbek Việt Nam - Vietnamese Wolof Yao Yorùbá - Yoruba Zarma زولو - Zulu
477 Hadiths
Encyclopedia of Prophetic Hadiths
التصنيف الشرعي
Grading
Narrated in
Narrator
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di ke Allah (Toupwisan an) te di:
"Nenpòt moun ki pran youn nan zanmim yo (Awliya) kòm lènmi, map deklare lagè kont li. E pa gen anyen sèvitèm nan ka fè poul pwoche bò kotem ki pi renmen mwen pase devwa (obligasyon) mwen te enpoze sou li yo. E sèvitèm nan ap toujou kontinye pwoche bò kotem avèk aksyon volontè (nawafil) jiskaskem renmen li. Lèm fin renmen li, mwen tounen zòrèy li ki sèvil pou li tande, zyel ki sèvil pou li wè, men li ki sèvi li pou li aji, ak pye li ki sèvi li pou li mache. Si li mande mwen yon bagay, map ba lil; e si li mandem pwoteksyon, map pwotejel. Pa gen anyen mwen ezite fè tankou janm ezite pran nanm yon kwayan: li rayi lanmò, e mwen menm mwen rayi fèl mal."
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
التصنيف الشرعيأحكام الولاء والبراء، فضائل الأعمال الصالحة، أحوال الصالحين، توحيد الأسماء والصفاتموضوعات الحديثالدعاء، معاداة أولياء الله وأذيتهم، المحبة
« Soti nan Pwofèt la (Ke lapè ak Benediksyon Allah kouvri li), nan sa lap rapòte soti nan Seyè li a (Allah) ki gen tout pouvwa a, li di: "Yon sèvitè te fè yon peche, li di: 'O Allah, padone pechem lan.' Allah (ki beni epi ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche.' Aprèsa, sèvitè a te retounen fè peche ankò, li di: 'O Seyè mwen, padone pechem lan.' Allah (ki beni e ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche.' Aprèsa, sèvitè a te retounen fè peche ankò, li di: 'O Seyè mwen, padone pechem lan.' Allah (ki beni e ki wo anpil) te di: 'Sèvitèm nan te fè yon peche, e li te konnen li gen yon Seyè ki padone peche e ki pini pou peche. Fè sa ou vle, paske Mwen deja padonew.'" »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الدعاء، التوبةموضوعات الحديثالدعاء، سعة فضل الله عز وجل، التوبةمحاور التعريف بالإسلامصفات الله تعالى
Yon jou mwen te dèyè Mesaje Allah a (se pou benediksyon ak lapè Allah sou li), li dim konsa: « Ti gason, mwen pral montrew kèk pawòl : Toujou sonje Allah, Allah ap pwotejew. Toujou sonje Allah, wap jwenn Li bò kote w. Si wap mande, mande Allah. Siw bezwen sekou, chache sekou nan men Allah. Epi konnen byen : Menmsi tout moun nan lemond ta mete tèt yo ansanm pou yo fè yon byen pou ou, yo pa tap ka fè anyen pou ou si se pa sa Allah te deja ekri pou ou. Konsa tou, si yo ta mete tèt yo ansanm pou yo fèw yon mal, yo pa tap janm ka fèw anyen si se pa sa Allah te deja deside ki tap rivew. Plim yo deja leve, epi lank sou paj yo deja chèch. »
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
التصنيف الشرعيفضائل أعمال القلوب، تربية الأولاد، الإيمان بالقضاء والقدر، توحيد الألوهيةموضوعات الحديثالدعاء، حقوق الأولاد، الإيمان بالقدر خيره وشره، التوكل، التقوىمحاور التعريف بالإسلاموجوب إفراد الله بالعبادة
Yon bedwen (arab ki rete nan dezè) te vin jwenn Mesaje Allah a (ke lapriyè ak lapè Allah sou li), epi li di: «Montrem kèk pawòl poum di.» Li reponn: «Di: Pa gen lòt divinite ki merite adore Sèlman Allah, Li pa gen okenn asosye; Allah se pi gran an toutbon vre; anpil lwanj se pou Allah ; glwa pou Allah, Mèt tout linivè a; pa gen okenn fòs ni okenn pouvwa si se pa gras ak Allah Toupwisan an, Saj la.» Bedwen an di: «Sa yo se pou Mèt mwen, men kisa ki pou mwen?» Pwofèt la di: «Di: O Allah padonem, fèm mizèrikòd, gidem, epi ban mwen pwovizyon.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيهدي النبي صلى الله عليه وسلم في الذكر، الأذكار المطلقة، الأدعية المأثورةموضوعات الحديثالدعاء، الذِّكْر
Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè envokasyon epi li te di: «O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont pinisyon nan tonbo, kont pinisyon nan dife a, kont tantasyon lavi a ak lanmò, epi kont tantasyon fo mesi yo rele Mesye-Dajjal la». Epi nan yon vèsyon rapòte pa Mouslim: «Lè youn nan nou fini ak dènye Tachahhoud la, li dwe mande Allah pwoteksyon kont 4 bagay: kont pinisyon nan dife Lanfè, kont pinisyon nan tonbo, kont tantasyon lavi a ak lanmò, epi kont mal fo mesi yo rele Mesye-Dajjal la».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيالأدعية المأثورة، أذكار الصلاةموضوعات الحديثالدعاء، أشراط الساعة، سنن الصلاة، صفة الصلاة
«Senyè nou an, Sila ki beni epi ki toupwisan an, desann chak nwit nan syèl ki pi prè tè a lè li rete dènye tyè nwit lan, epi li di: «Kiyès kap priyem poum reponn li? Kiyès kap mandem poum ba li? Kiyès kap mandem padon poum padone l?».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيفضل الدعاء، أنواع الدعاء، أسباب إجابة الدعاء وموانعه، قيام الليل، توحيد الأسماء والصفاتموضوعات الحديثالدعاء، سعة فضل الله عز وجل، قيام الليل