Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
Filter
Pick a property to filter by
الفئة المستهدفة1
حجم المحتوى4
التخريج المتعدد4
التصنيف العقدي2
حجم المحتوى: مختصر
«Moun ki defann onè frè li, Allah ap repouse Dife a lwen vizaj li nan Jou Jijman an».
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
التصنيف الشرعيالمجتمع المسلم، فضائل الأعمال الصالحة، الأخلاق الحميدةموضوعات الحديثموالاة المؤمنين
Lè Mesaje Allah a (Lapè ak benediksyon Allah sou li) tap soti poul ale Hounayn, li te pase bò yon pye bwa ki te pou moun kap bay Allah asosye yo rele: Dhat Anwat, kote yo te konn kwoke zam yo. Yo te di li: "O Mesaje Allah, fè nou gen yon Dhat Anwat menm jan yo gen Dhat Anwat pa yo a." Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te reponn: «Glwa pou Allah! Sa a se egzakteman sa pèp Mousa (Moyiz ) la te di: {Fè nou gen yon dye menm jan yo gen dye yo.} [Al-Araf: 138] Mwen fè sèman sou Sila a ki kenbe nanm mwen nan men li an, asireman nou pral swiv pratik moun ki te vini anvan nou yo.»
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
التصنيف الشرعيأحكام التشبه، توحيد الألوهية، تفسير الآيات، الشركموضوعات الحديثالتشبه بالكفار، الشرك بالله وأقسامهمحاور التعريف بالإسلامبطلان الشرك وصوره
« Nenpòt moun ki fè lapriyè maten an (Salat Al_faj), li anba pwoteksyon Allah. Donk, pa kite Allah mande nou kont pou okenn vyolasyon pwoteksyon Li a, paske nenpòt moun senyè toupwisan an ta mande kont, Li ap jwenn li, epi lap voye li jete tèt anba nan dife lanfè a. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيوجوب الصلاة وفضلها وحكم تاركهاموضوعات الحديثالظلم، معاداة أولياء الله وأذيتهم، مكانة الصلاة وفضلها
«Lè youn nan nou ap manje, se pou li manje ak men dwat li, epi lè li ap bwè, se pou li bwè ak men dwat li, paske dyab la (Satan) manje ak men gòch li, epi li bwè ak men gòch li.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
التصنيف الشرعيأحكام التشبه، آداب الأكل والشربموضوعات الحديثالتشبه بالكفار، آداب الأكل والشرب
«Egzanp kwayan yo nan jan yo gen renmen, konpasyon, ak fèmte younn pou lòt, se tankou yon sèl kò. Depi yon sèl manm nan kò a ap soufri, tout rès kò a santi doulè a, sa fè tout kò a rete veye epi li pran lafyèv»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
التصنيف الشرعيأحكام الولاء والبراء، المجتمع المسلم، الأخلاق الحميدة، الإسلامموضوعات الحديثالرحمة، موالاة المؤمنين، المحبةمحاور التعريف بالإسلاممحاسن الأخلاق