Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
«Pi bon nan pami nou se moun ki aprann Koran an epi ki anseyel»
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
التصنيف الشرعيوصف القرآن وفضائله، فضل العلمموضوعات الحديثالحث على طلب العلم، نشر العلم بالدعوة إلى الله، تلاوة القرآن، القرآن وعلومه
Yo te mande: "O Mesaje Allah! Kiyès ki moun ki pi ere (oswa ki gen plis chans) pou jwenn entèsesyon ou nan Jou Jijman an?" Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te reponn: "O Abu Huraira, mwen te panse pa tap gen pèsonn anvan ou ki tap mandem sou hadith (pawòl) sa a, paske mwen wè jan ou enterese anpil pou aprann hadith yo. Moun ki pi ere pou jwenn entèsesyon mwen nan Jou Jijman an, se moun ki te di 'La ilaha illa Allah' (Pa gen lòt dye eksepte Allah) ak tout senserite ki soti nan fon kè li oswa nan nanm li."
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
التصنيف الشرعيالصحابة وفضلهم، فضل العلم، فضائل التوحيد، آداب العالم والمتعلم، توحيد الألوهيةموضوعات الحديثالحث على طلب العلم، الشفاعة، الإخلاصمحاور التعريف بالإسلامالنجاة بالدخول في الإسلام
Egzanp moun ki kanpe fèm sou limit Allah yo ak moun ki ap transgrese yo, se tankou yon gwoup moun ki te tire osò sou yon bato; kèk nan yo te jwenn pati anwo a, e lòt yo te jwenn pati anba a. Moun ki te nan pati anba a, lè yo te bezwen dlo, yo te oblije pase sou moun ki te anwo yo. Lè sa a, yo di: "Si nou fè yon twou nan pati pa nou an, nou pap deranje moun ki anwo yo." Si moun ki anwo yo kite yo fè sa yo vle a, yap peri tout ansanm; men si yo anpeche yo (pran men yo), yap sove, epi yo tout ap sove.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
التصنيف الشرعيفضل الأمر بالمعروف والنهي عن المنكرموضوعات الحديثالأمر بالمعروف والنهي عن المنكر
Pataje sa nou konnen nan men mwen, menm si se yon sèl vèsè. Pale sou istwa pitit Izrayèl yo, pa gen okenn pwoblèm nan sa. Men, nenpòt moun ki bay manti sou mwen volontèman, kitel prepare plas li nan dife lanfè a.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
التصنيف الشرعيفضل الدعوة إلى الله وأحكامها، قصص وأحوال الأمم السابقة، أهمية السنة ومكانتهاموضوعات الحديثنشر العلم بالدعوة إلى الله، الدعوة إلى الله، الكذب على الله ورسوله