Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

56 of 477 cards

Clear filters
Mwen konseye nou pou nou toujou di laverite, paske laverite mennen nan fè sa ki byen (ladwati), epi fè sa ki byen mennen nan Paradi a. Yon moun ap kontinye di laverite epi chèche di sa ki vrè jiskaske Allah ekri non li kòm yon moun ki fidèl e sensè nèt (Siddīq). Epi fè atansyon ak manti, paske manti mennen nan move zak, epi fè move zak mennen nan Lanfè. Yon moun ap kontinye bay manti epi chèche bay manti jiskaske Allah ekri non li kòm yon gwo mantè.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun ki fò a se pa moun ki konn bat moun nan goumen, men moun ki fò a se moun ki kontwole tèt li lè li an kòlè.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te pase bò kot 2 tonb, epi li te di: «Anverite, yap pini yo tou 2 epi se pa pou yon gwo zafè yap pini yo, kanta pou youn nan yo, li pat konn pwoteje tèt li kont pipi li, epi kanta pou lòt la, li te konn mache ap fè tripotay.» Aprèsa li te pran yon branch palmis frèch, li fann li an 2, epi li plante youn sou chak tonb. Yo te di: O Mesaje Allah, poukisa ou fè sa? Li te di: «Petèt sa ap soulaje yo toutan yo poko sèch.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki di: 'Subhanallah wa bihamdihi' (Glwa pou Allah epi lwanj pou Li) san (100) fwa nan yon jou, yap padone peche li yo, menm si yo ta tankou kim lanmè a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki mete swa nan lavi sa a, li pap metel nan lòt lavi a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pa gen okenn fatig, ni maladi, ni enkyetid, ni tristès, ni mal, ni lapenn ki frape yon Mizilman, menm yon pikan ki pikel san ke Allah pa retire nan peche li yo atravè li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Te gen yon bedwen (Arab ki rete lwen nan dezè) ki te vin jwenn Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li dil: "Montrem yon zèv sim fè li map antre nan Paradi." Li reponn li: "Se pouw adore Allah san ou pa asosye anyen avèk li , se pouw akonpli priyè (Salat) obligatwa yo, se pouw bay charite (Zakat) ki preskri a, epi se pouw fè jèn nan mwa Ramadan an." Nonm nan di: "Mwen fè sèman sou Sila a ki gen nanm mwen nan men Li an, mwen pap ajoute okenn lòt bagay sou sa." Lèl vire do li poul ale, Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) di: "Nenpòt moun ki ta kontan wè yon nonm pami abitan Paradi yo, se poul gade nonm sa a."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Moun Allah vle byen pou li a, li ba li bon konprann nan relijyon an, epi mwen se sèlman yon moun kap separe, e se Allah ki bay, epi Kominote sa a ap toujou kanpe fèm sou lòd Allah, moun ki opoze ak yo pap ka fè yo ditò, jiskaske lòd Allah la vini».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li