Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

4 of 477 cards

Clear filters
Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te konn fè Takbir nan lapriyè, li te konn fè yon ti silans anvan li kòmanse lekti a. Epi mwen di: "O Mesaje Allah, mwen ta bay papam ak manmanm pou ou, kisa ou konn di nan silans ou fè ant Takbir (deklare grandè Allah) ak lekti a?" Li te di: «Mwen di: O Allah, mete distans ant mwen menm ak pechem yo, menm jan ou mete distans ant Lès ak Lwès. O Allah, netwayem anba pechem yo, menm jan yo netwaye yon rad blan anba salte. O Allah, lavem anba pechem yo avèk nèj, dlo, ak lagrèl.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di aprè chak priyè obligatwa: «Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. O Allah! Pa gen pèsonn ki ka anpeche sa Ou deside bay, epi pa gen pèsonn ki ka bay sa Ou deside anpeche. Richès oswa pozisyon yon moun pa ka sèvil anyen devan Ou.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
An verite, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te soti vin jwenn nou, epi nou te di: "O Mesaje Allah, nou deja konnen kijan pou nou fè salitasyon lapè sou ou, donk kijan pou nou voye elòj sou ou?" Li te di: «Di: O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te voye elòj ou sou fanmi Ibrahim(Abraham) ; an verite, Ou diy de louwanj, Ou gloriye. O Allah, beni Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te beni fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou gloriye».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè envokasyon epi li te di: «O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont pinisyon nan tonbo, kont pinisyon nan dife a, kont tantasyon lavi a ak lanmò, epi kont tantasyon fo mesi yo rele Mesye-Dajjal la». Epi nan yon vèsyon rapòte pa Mouslim: «Lè youn nan nou fini ak dènye Tachahhoud la, li dwe mande Allah pwoteksyon kont 4 bagay: kont pinisyon nan dife Lanfè, kont pinisyon nan tonbo, kont tantasyon lavi a ak lanmò, epi kont mal fo mesi yo rele Mesye-Dajjal la».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li