Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

3 of 477 cards

Clear filters
Li te vin jwenn Pwofèt la (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) epi li di: "Ya Mesaje Allah, anverite Satan vin kanpe ant mwen menm ak lapriyè mwen ansanm ak lekti mwen, lap fèm pèdi twouble ladan yo." Lè sa a, Mesaje Allah (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te di: «Sa se yon Satan yo rele Khinzab, epi si ou santi li, enben chache pwoteksyon nan men Allah kont li, epi krache sou bò gòch ou 3 fwa.» Li di: Mwen te fè sa, epi Allah te chase li lwen mwen.
Sahih Rapòte pa Mouslim
Fatima (ki pou Allah satisfè avèk li) te ale kote Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) poul te plenyen pou jan men lap rache akouraj anba moulen grenn, paske li te aprann yo te mennen prizonye/sèvitè ba li. Men, li pat jwenn li lakay li, se konsa li te eksplike sa bay Aïcha. Lè Pwofèt la te antre, Aïcha te rakontel sa. [Ali] di: « Li te vin jwenn nou pandan nou te gentan nan kabann nou. Nou te fè sa poun leve, men li di: "Rete kote nou ye a." Li pwoche, li vin chita nan mitan mwen menm ak Fatima, jouk mwen te santi jan pye li te frèt sou vant mwen. Aprèsa, li di: "Èske nou vlem montre nou yon bagay ki pi bon pase sa nou te mande a? Lè nou pral kouche nan kabann nou, di Soubhanallah 33 fwa, di Alhamdoulillah 33 fwa, epi di Allahou Akbar 34 fwa. Sa ap pi bon pou nou pase si nou te gen yon sèvant." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki rive yon kote epi aprèsa li di: "Map chache pwoteksyon nan pawòl Allah yo ki san defo, kont tout malè nan sa li kreye", anyen pap ka fèl mal jouk li kite kote sa a.»
Sahih Rapòte pa Mouslim