Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

50 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (35)
Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te rakonte nou, e se li ki toujou di verite a epi se li moun kwè a: «Vrèman, yo rasanble kreyasyon chak moun nan nou nan vant manman li pandan 40 jou, aprèsa li tounen yon mòso san ki kole pandan menm kantite tan sa a, aprèsa li tounen yon mòso chè pandan menm kantite tan sa a. Aprèsa, yo voye zanj lan kot li epi li soufle nanm nan ladan li, epi yo ba li lòd sou 4 bagay: pou li ekri manje li, dat lanmò li, zèv li yo, epi si lap yon moun ki gen malè oswa yon moun ki byennere. Konsa, pa Sila a ki pa gen lòt Allah apa Li a, vrèman gen nan nou kap fè zèv moun Paradi yo jiskaske pa rete anyen ki separel ak Paradi a eksepte yon bra (distans), epi sa ki te ekri pou li a (desten li) pran devan li, konsa li fè zèv moun Lanfè yo epi li antre ladan li.E vrèman, gen nan nou kap fè zèv moun Lanfè yo jiskaske pa rete anyen ki separe l ak Lanfè a eksepte yon bra (distans), epi sa ki te ekri pou li a (desten li) pran devan li, konsa li fè zèv moun Paradi yo epi li antre ladan l.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
« Anverite, Halal la klè, epi Haram nan klè, epi nan mitan yo gen bagay ki gen dout ke anpil moun pa konnen. Moun ki evite bagay ki gen dout yo, li mete relijyon li ak onè li klè, epi moun ki tonbe nan bagay ki gen dout yo, li tonbe nan Haram nan. Li tankou yon bèje k ap fè bèt li yo manje toupre yon zòn rezève, li pa lwen pou l kite yo manje ladan l. Konnen byen, chak wa gen yon zòn rezève pa l. Konnen byen, zòn rezève Allah a se sa Li entèdi yo. Anverite, nan kò a gen yon ti moso chè, lè li bon, tout kò a bon, epi lè li gate, tout kò a gate. Konnen byen, se kè a. »
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim