Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

50 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (35)
Islam baze sou 5 prensip: temwanye pa gen lòt dye pase Allah epi Muhammad se sèvitè li ak mesaje li, fè lapriyè, bay zakat, fè pelerinaj nan Kay la (Kaaba), epi fè jèn pandan mwa Ramadan an.
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
«Mwen te resevwa lòd poum konbat moun yo jouk tan yo temwaye ke pa gen okenn lòt dye sinon Allah epi Muhammad se Mesaje Allah, pou yo fè lapriyè (Salat), epi pou yo bay lacharite ki obligatwa a (Zakat). Si yo fè sa, san yo ak byen yo ap pwoteje kont mwen, eksepte si lalwa Islam mande sa, epi se nan men Allah jijman yo ye.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
"«Nenpòt sa mwen entèdi nou fè, evite li, epi nenpòt sa mwen kòmande nou fè, fè tout sa nou kapab ladan l; paske se anpil kesyon yo te konn poze ak dezakò yo te genyen avèk pwofèt yo ki te detwi moun ki te la anvan nou yo.»"
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
« Gen krentif pou Allah kèlkeswa kote ou ye, epi fè yon bon aksyon swiv yon move aksyon, lap efasel, epi aji ak moun avèk yon bon karaktè. »
At-Tirmidhi di: Se yon adit ki "Hasan" (bon). Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) rapòte pawòl Allah a ki di: "O sèvitèm yo! Mwen entèdi enjistis pou tèt mwen, epi mwen fèl tounen yon bagay ki entèdi ant nou menm tou. Donk, pa fè enjistis youn ak lòt. O sèvitèm yo! Nou tout pèdi, eksepte moun mwen gide a; donk, mandem gidans, map gide nou. O sèvitè m yo! Nou tout grangou, eksepte moun mwen bay manje a; donk, mandem manje, map nouri nou. O sèvitèm yo! Nou tout toutouni, eksepte moun mwen abiye a; donk, mandem rad, map abiye nou. O sèvitèm yo! Nou fè erè lajounen kou lannwit, e mwen menm mwen padone tout peche; donk, mandem padon, map padone nou. O sèvitèm yo! Nou pap janm rive fèm mal pou nou ta blesem, e nou pap janm rive fèm byen pou nou ta potem benefis. O sèvitèm yo! Si premye ak dènye pami nou, moun ak djinn, ta gen kè moun ki pi sen an pami nou, sa pa tap ajoute anyen nan wayòm mwen an. O sèvitèm yo! Si premye ak dènye pami nou, moun ak djinn, ta gen kè moun ki pi mechan an pami nou, sa pa tap retire anyen nan wayòm mwen an. O sèvitèm yo! Si premye ak dènye pami nou, moun ak djinn, te kanpe nan yon menm kote epi yo te mandem, epi mwen te bay chak moun sal mande a, sa pa tap diminye anyen nan sam posede, sof jan yon zegwi diminye lanmè a lè ou plonjel ladan li. O sèvitèm yo! Se sèlman aksyon nou yo map anrejistre pou nou, epi map peye nou konplè pou yo. Donk, nenpòt moun ki jwenn byen, se poul fè lwanj pou Allah ; epi nenpòt moun ki jwenn lòt bagay (sa ki mal), se pou li pa blame pèsonn sof tèt li."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Pèsonn nan nou pap gen lafwa jiskaske li renmen pou frèl sa li renmen pou pwòp tèt li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pèsonn nan nou pap gen yon lafwa ki konplè jiskaske dezi pal yo vin soumèt devan sa mwen te pote a (sa vle di, ansèyman mwen yo).
Imam An-Nawawi te di: Se yon Hadith otantik. Nou rapòtel nan liv Al-Hujja a, avèk yon chèn transmisyon (isnad) ki otantik.
«Pou chak jwenti nan kò moun, gen yon charite li dwe bay chak jou solèy la leve: fè jistis ant de moun se yon charite, ede yon moun ak montir li, pouw edel monte sou li oswa pouw leve bagaj li mete sou li se yon charite, epi yon bon pawòl se yon charite, epi chak pa ou fè pou ale nan lapriyè se yon charite, epi retire sa ki nwizib sou wout la, se yon charite.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim