Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

2 of 477 cards

Clear filters

Narrator

Show all narrators (35)
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) rapòte pawòl Allah a ki di: "O sèvitèm yo! Mwen entèdi enjistis pou tèt mwen, epi mwen fèl tounen yon bagay ki entèdi ant nou menm tou. Donk, pa fè enjistis youn ak lòt. O sèvitèm yo! Nou tout pèdi, eksepte moun mwen gide a; donk, mandem gidans, map gide nou. O sèvitè m yo! Nou tout grangou, eksepte moun mwen bay manje a; donk, mandem manje, map nouri nou. O sèvitèm yo! Nou tout toutouni, eksepte moun mwen abiye a; donk, mandem rad, map abiye nou. O sèvitèm yo! Nou fè erè lajounen kou lannwit, e mwen menm mwen padone tout peche; donk, mandem padon, map padone nou. O sèvitèm yo! Nou pap janm rive fèm mal pou nou ta blesem, e nou pap janm rive fèm byen pou nou ta potem benefis. O sèvitèm yo! Si premye ak dènye pami nou, moun ak djinn, ta gen kè moun ki pi sen an pami nou, sa pa tap ajoute anyen nan wayòm mwen an. O sèvitèm yo! Si premye ak dènye pami nou, moun ak djinn, ta gen kè moun ki pi mechan an pami nou, sa pa tap retire anyen nan wayòm mwen an. O sèvitèm yo! Si premye ak dènye pami nou, moun ak djinn, te kanpe nan yon menm kote epi yo te mandem, epi mwen te bay chak moun sal mande a, sa pa tap diminye anyen nan sam posede, sof jan yon zegwi diminye lanmè a lè ou plonjel ladan li. O sèvitèm yo! Se sèlman aksyon nou yo map anrejistre pou nou, epi map peye nou konplè pou yo. Donk, nenpòt moun ki jwenn byen, se poul fè lwanj pou Allah ; epi nenpòt moun ki jwenn lòt bagay (sa ki mal), se pou li pa blame pèsonn sof tèt li."
Sahih Rapòte pa Mouslim
Gen kèk nan konpayon Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) ki te di Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li): "O Mesaje Allah, moun rich yo ale ak tout rekonpans yo; yo priye menm jan nou priye, yo fè jèn menm jan nou fè jèn, epi yo bay Sadaka avèk sipli richès yo genyen." Li reponn yo: «Èske Allah pa ban nou mwayen pou nou fè Sadaka tou? Sètènman, chak Tasbih (lè nou di SoubhanAllah) se yon Sadaka, chak Takbir (lè nou di Allahu Akbar) se yon Sadaka, chak Tahmid (lè nou di Alhamdulillah) se yon Sadaka, chak Tahlil (lè nou di La ilaha illa Allah) se yon Sadaka; ankouraje moun fè sa ki byen se yon Sadaka, anpeche moun fè sa ki mal se yon Sadaka, epi gen yon Sadaka nan relasyon entim youn nan nou (avèk madanm li).» Yo dil: "O Mesaje Allah, èske youn nan nou kapab satisfè dezi li epi poul jwenn rekonpans pou sa?" Li reponn: «Èske nou pa wè, si li ta mete dezi li nan Haram (nan sa ki entèdi), li tap gen yon peche pou sa? Ebyen konsa tou, lè li mete li nan Halal (nan fason Allah pèmèt la), lap jwenn yon rekonpans.»
Sahih Rapòte pa Mouslim