Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

2 of 477 cards

Clear filters
"Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah jan nou dwe fèl la, Li t ap bay nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo. Yo pati nan maten ak vant vid, epi yo tounen nan aswè ak vant plen."
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah, Ibn Hibban nan Sahih li a, ak Al-Hakim ki rapòte li.
Yon jou, pandan nou te chita bò kote Mesaje Allah a (kè poze ak benediksyon Allah sou li), gen yon mesye ki parèt devan nou. Rad li te blan anpil, epi chevel te nwa anpil. Pat gen okenn mak sou li ki montrel tap soti nan vwayaj, epi pèsonn nan nou pat konnen li avan sa . Li avanse jouk li chita devan Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li). Li kole 2 jenoul ak jenou Pwofèt la, epi li poze 2 pla men li sou pwòp kwis li. Li di : — « O Muhammad, fèm konnen kisa Islam ye. » Mesaje Allah a (kè poze ak benediksyon Allah sou li) reponn : — « Islam se pouw temwaye pa gen lòt dye Sèlman Allah, epi Muhammad se mesaje Allah ; se pouw akonpli lapriyè ; bay Zakat la ; fè jèn nan mwa Ramadan ; epi fè pelerinaj nan Kay la si mw gen mwayen pouw fè wout la. » Mesye a di : — « Ou di verite. » (Oumar kap rakonte a di : Sa te fè nou sezi wè lap poze li kesyon epi lap konfime repons lan anmenmtan.) Aprèsa li di ankò : — « Fè m konnen kisa Imaan (Lafwa) ye. » Pwofèt la reponn : — « Se pouw kwè nan Allah, nan zanj Li yo, nan liv Li yo, nan mesaje li yo, nan Dènye Jou a, epi pouw kwè nan desten an, kit li pote sa ki byen, kit li pote sa ki mal. » Mesye a di ankò : — « Ou di verite. Fè m konnen kisa Ihsan (Ekselans) ye. » Pwofèt la reponn : — « Se pouw adore Allah kòmsi wap wè li, paske menm siw pa wèl, Li menm Li wè w. » Li di ankò : — « Fè m konnen ki lè Jou Jijman an ap rive. » Pwofèt la reponn : — « Moun yap poze kesyon an pa konn plis pase moun kap poze kesyon an. » Li di : — « Enben, fèm konnen ki siy kap anonsel » Pwofèt la reponn : — « Se lè sèvant lan ap fè pitit ki pral tounen mèt li, epi lèw wè moun kap mache pye atè, ki toutouni, ki pòv, ki tap gade mouton, ap fè konpetisyon pou bati gwo bilding ki byen wo. » Aprèsa Mesye a ale. Mwen (Oumar) te rete la yon bon ti tan. Aprèsa Pwofèt la dim : — « O Oumar, èskew konnen kiyès ki tap poze kesyon yo ? » Mwen reponn : — « Allah ak Mesajel la konnen pi byen. » Pwofèt la di : — « Se te Jibril (Zanj Gabriyèl), li te vin jwenn nou poul moutre nou relijyon nou an. »
Sahih Rapòte pa Mouslim