Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
« Nenpòt moun ki soulaje yon kwayan nan yon gwo pwoblèm lavi a, Allah ap soulaje li nan yon gwo pwoblèm jou jijman an. Nenpòt moun ki fasilite lavi yon moun ki nan bezwen, Allah ap fasilite lavi pal nan mond sa a ak nan lòt mond lan. Nenpòt moun ki kouvri defo yon mizilman, Allah ap kouvri defo pa li nan mond sa a ak nan lòt mond lan. Allah ap ede sèvitè a toutotan sèvitè a ap ede frèl. Nenpòt moun ki pran yon chemen pou li chèche konesans, Allah ap fasilite pou li chemen ki mennen nan paradi a. Pa gen yon gwoup moun ki reyini nan youn nan kay Allah yo, kap resite liv la epi kap etidyel ansanm, san lapè (sekirite nan kè) pa desann sou yo, san pitye Senyè toupwisan an pa kouvri yo, san zanj Allah yo pa antoure yo, epi Allah pa mansyone yo devan zanj ki bò kotel yo. Nenpòt moun aksyon li yo ralanti, relasyon fanmi li (oswa orijin li) pap fèl avanse pi vit. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Pa fè jalouzi youn pou lòt, pa fè magouy sou pri pou twonpe youn lòt, pa rayi youn lòt, pa vire do bay youn lòt, epi youn pa dwe vin antre nan komès lòt la poul gatel ; okontrè, O sèvitè Allah yo, se pou nou viv tankou frè. Yon mizilman se frè yon lòt mizilman : li pa fèl lenjistis, li pa lagel nan tray, epi li pa meprizel . "Krentif pou Allah a (Taqwa) se la a li ye," epi li lonje dwèt li sou pwatrin li 3 fwa. "Li sifi kòm yon gwo mal pou yon moun ta meprize frè mizilman li an. Tout sa yon mizilman genyen se bagay ki sakre pou yon lòt mizilman atake : san l, byen li yo, ak onèl." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe di sa ki byen, oubyen li dwe fè silans, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore vwazen li, epi moun ki kwè nan Allah ak Jou Dènye a, li dwe onore envitel».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pou chak jwenti nan kò moun, gen yon charite li dwe bay chak jou solèy la leve: fè jistis ant de moun se yon charite, ede yon moun ak montir li, pouw edel monte sou li oswa pouw leve bagaj li mete sou li se yon charite, epi yon bon pawòl se yon charite, epi chak pa ou fè pou ale nan lapriyè se yon charite, epi retire sa ki nwizib sou wout la, se yon charite.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
«Anverite, Allah pwòp (Li bon nèt), epi Li aksepte sèlman sa ki pwòp. Allah bay kwayan yo menm lòd Li te bay Pwofèt yo. Men sa Li te di Pwofèt yo: 'O nou menm Mesaje yo! Manje nan sa ki bon (ki pwòp), epi fè sa ki dwat', Epi Li di kwayan yo tou: 'O nou menm ki kwè! Manje nan sa ki bon nan sa nou ba nou yo.' Aprèsa, Pwofèt la bay egzanp yon vwayajè ki fè yon vwayaj byen lwen, cheve li tou gaye ,li kouvri ak pousyè, epi lap leve 2 bral nan syèl la, lap rele: "O senyè! O senyè!" poutan, manjel se vòlè (haram), bwason li se vòlè, rad sou li se vòlè, epi li grandi nan sa ki mal (haram). Ki jan pou Allah ta fè reponn yon moun konsa?!»
Sahih Rapòte pa Mouslim