Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

72 of 477 cards

Clear filters
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di Mu’adh ibn Jabal lè li te voyelb ale nan peyi Yemen : Wap pral jwenn yon pèp ki gen yon Liv (Jwif oswa Kretyen). Lè w rive kote yo, envite yo pou yo temwanye pa gen lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah, e ke Muhammad se mesaje Allah. Si yo obeyiw nan sa, fè yo konnen ke Allah te enpoze sou yo senk (5) lapriyè chak jou ak chak nwit. Si yo obeyiw nan sa, fè yo konnen ke Allah te enpoze sou yo yon zakat (yon charite obligatwa) ki dwe pran nan men moun rich yo pou yo bay moun pòv yo. Si yo obeyiw nan sa, fè atansyon pou ou pa pran pi bon byen yo (kòm zakat), epi pè madichon moun yo fè mal, paske pa gen okenn baryè ant li menm ak Allah.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Premye bagay yo pral jije ant moun yo nan Jou Jijman an, se nan zafè san.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Jou Jijman an pap rive jouk yon moun pase bò tonb yon lòt moun epi li di: Mwen ta swete se mwen ki te nan plas li.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Nenpòt moun ki ajoute nan relijyon nou an yon bagay ki pa ladanl, yap rejte li.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
«Islam nan bati sou 5 pilye: Temwayaj pou fè konnen pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon eksepte Allah epi Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li, fè lapriyè, bay Zakat, fè pelerinaj nan Kay Allah a, epi fè jèn nan mwa Ramadan an».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te di ke Allah (Toupwisan an) te di: "Nenpòt moun ki pran youn nan zanmim yo (Awliya) kòm lènmi, map deklare lagè kont li. E pa gen anyen sèvitèm nan ka fè poul pwoche bò kotem ki pi renmen mwen pase devwa (obligasyon) mwen te enpoze sou li yo. E sèvitèm nan ap toujou kontinye pwoche bò kotem avèk aksyon volontè (nawafil) jiskaskem renmen li. Lèm fin renmen li, mwen tounen zòrèy li ki sèvil pou li tande, zyel ki sèvil pou li wè, men li ki sèvi li pou li aji, ak pye li ki sèvi li pou li mache. Si li mande mwen yon bagay, map ba lil; e si li mandem pwoteksyon, map pwotejel. Pa gen anyen mwen ezite fè tankou janm ezite pran nanm yon kwayan: li rayi lanmò, e mwen menm mwen rayi fèl mal."
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
"Mwen di: O Mesaje Allah, kisaw panse de bagay mwen te konn fè kòm adorasyon nan epòk inyorans lan , tankou bay lacharite (Sadaqa), oswa libere esklav, epi kenbe bon relasyon ak fanmi, èske gen rekonpans pou yo? Lè sa a, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) di: «Ou aksepte Islam ansanm ak tout bon zèv ou te fè anvan yo.»"
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te mande Pwofèt la (ke benediksyon ak lapè Allah sou li): "Ki peche ki pi grav nan zye Allah?" Li di: "Se pouw mete yon egal ak Allah [ asosye], alòske se Li menm ki kreye w." Mwen di: "Sevre, sa a grav anpil!" Mwen di: "Epi aprèsa, kiyès?" Li di: "Se pouw touye pitit ou ak anvi kache poul pa manje avèw [sètadi ak laperèz pou li pa vin konsome nan rasyon ou an]." Mwen di: "Epi aprèsa, kiyès?" Li di: "Se pouw fè adiltè ak madanm vwazen ou."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li