Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

75 of 477 cards

Clear filters
«Lè yon moun antre lakay li, epi li pwononse non Allah lè lap antre a ak lè lap manje a, Satan di: Nou pa jwenn kote pou nou pase nwit lan, ni manje aswè. Men, si li antre epi li pa pwononse non Allah lè lap antre a, Satan di: Nou jwenn kote pou nou pase nwit lan. Epi si li pa pwononse non Allah lè lap manje a, li di: Nou jwenn ni kote pou nou pase nwit lan, ni manje aswè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Yon bedwen (arab ki rete nan dezè) te vin jwenn Mesaje Allah a (ke lapriyè ak lapè Allah sou li), epi li di: «Montrem kèk pawòl poum di.» Li reponn: «Di: Pa gen lòt divinite ki merite adore Sèlman Allah, Li pa gen okenn asosye; Allah se pi gran an toutbon vre; anpil lwanj se pou Allah ; glwa pou Allah, Mèt tout linivè a; pa gen okenn fòs ni okenn pouvwa si se pa gras ak Allah Toupwisan an, Saj la.» Bedwen an di: «Sa yo se pou Mèt mwen, men kisa ki pou mwen?» Pwofèt la di: «Di: O Allah padonem, fèm mizèrikòd, gidem, epi ban mwen pwovizyon.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
« O moun yo! Allah sen e Li pafè, Li pa aksepte anyen ki pa pwòp. Allah te bay kwayan yo menm lòd li te bay pwofèt yo. Li te di: "O nou menm pwofèt yo! Manje nan sa ki bon (legal/pwòp) epi fè bon aksyon, mwen menm mwen byen konnen sa nap fè." (Al-Mu'minun: 51). Li te di tou: "O nou menm ki kwè! Manje nan bon bagay mwen te ban nou yo." (Al-Baqarah: 172).
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Gen kèk pawòl (Adhkar) ki vin aprè lapriyè, moun ki di yo - oswa ki fè yo - aprè chak lapriyè obligatwa pap janm desi: se di 'Subhanallah' (Glwa pou Allah ) 33 fwa, di 'Alhamdulillah' (Lwanj pou Allah ) 33 fwa, epi di 'Allahu Akbar' (Allah pi gran) 34 fwa. »
Sahih Rapòte pa Mouslim
Nou te ansanm ak Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), lè li te tande yon gwo bri ki tonbe. Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) di konsa: «Èske nou konnen kisa sa ye?» Nou reponn: « Allah ak Mesaje Li a konnen pi byen.» Li di: «Sa a se yon wòch yo te voye jete nan dife Lanfè a depi swasanndis (70) lane, li tap tonbe desann nan dife a jiska kounye a kote li rive nan fon li.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Èske mwen pa dwe fè nou konnen pi gwo nan gwo peche yo?» 3 fwa, yo reponn: «Wi, o Mesaje Allah.» Li di: «Bay Allah asosye, ak dezobeyi paran yo.» Epi li te chita pandan li te apiye, epi li di: «Atansyon, ak fo pawòl (fo temwayaj).» Li di: Epi li te kontinye ap repetel jiskaske nou te di: Nou ta swete li te fè silans.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« "Viv nan mond sa a tankou si ou se yon etranje oswa yon vwayajè kap pase." Epi Ibn Omar te konn di: "Si ou rive nan aswè, pa tann maten (pa mete espwaw nan demen), e si ou leve nan maten, pa tann aswè. Pran (pwofite) nan santew pou lèw malad, epi pran nan laviw pou lèw mouri." »
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
"«Gwo peche yo se: bay Allah asosye, maltrete paran, touye moun, ak sèmante sou manti.»"
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.