Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

25 of 477 cards

Clear filters
«Yon Mizilman, se moun lòt Mizilman pa gen anyen pou yo pè ni nan bouch li (pawòl li), ni nan men li (aksyon li), epi yon imigran (Mouhajir), se moun ki abandone sa Allah entèdi yo.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mwen te avèk Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) nan yon vwayaj, konsa mwen te bese poum retire chosèt an kwi li yo, epi li te di: «Kite yo tou 2, paske mwen te mete yo pandan yo tou 2 te pirifye». Epi li te pase men sou yo.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Lè youn nan nou ap manje, se pou li manje ak men dwat li, epi lè li ap bwè, se pou li bwè ak men dwat li, paske dyab la (Satan) manje ak men gòch li, epi li bwè ak men gòch li.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) pa te konn refize pafen.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
«Dwa yon mizilman genyen sou yon lòt mizilman se 5: reponn salitasyon an, vizite moun malad, swiv fineray yo, aksepte envitasyon, epi beni moun ki etènye a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Yon gason pa dwe gade pati entim yon lòt gason, ni yon fanm pa dwe gade pati entim yon lòt fanm, epi yon gason pa dwe kole kò li ak yon lòt gason anba yon sèl rad, ni yon fanm pa dwe kole kò li ak yon lòt fanm anba yon sèl rad.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
An verite, Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te soti vin jwenn nou, epi nou te di: "O Mesaje Allah, nou deja konnen kijan pou nou fè salitasyon lapè sou ou, donk kijan pou nou voye elòj sou ou?" Li te di: «Di: O Allah, voye elòj ou sou Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te voye elòj ou sou fanmi Ibrahim(Abraham) ; an verite, Ou diy de louwanj, Ou gloriye. O Allah, beni Mouhammad e sou fanmi Mouhammad, menm jan ou te beni fanmi Ibrahim; an verite, Ou diy de louwanj, Ou gloriye».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pa mete rad swa ni rad bwode ak swa (dibaj), pa bwè nan veso ki fèt ak lò ak ajan, epi pa manje nan plat ki fèt avèk yo; paske bagay sa yo se pou yo (moun ki pa kwayan yo) nan mond sa a, epi yap pou nou nan lavi kap vini an (nan lòt mond lan).
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li