Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

3 of 477 cards

Clear filters
« Allah Toupwisan an di: "Mwen pataje lapriyè a an 2 pati ant mwen menm ak sèvitè mwen an, e sèvitè mwen an ap jwenn sal mande a. Lè sèvitè a di: {Al-Hamdulillahi Rabbil 'alamin} (Lwanj pou Allah, Mèt tout linivè a), Allah di: Sèvitè mwen an fè lwanj pou mwen. Lè li di: {Ar-Rahmanir Rahim} (Toupwisan an, Toumizerikòdyè a), Allah di: Sèvitè mwen an rekonèt pèfeksyon mwen. Lè li di: {Maliki yawmid-din} (Mèt jou jijman an), Li di: Sèvitè mwen an glorifye mwen" epi yon fwa li te di: "Sèvitè mwen an remèt tout otorite nan men mwen", "Lè li di: {Iyyaka na'budu wa iyyaka nasta'in} (Se ou sèlman nou adore, epi se nan ou sèlman nou chèche èd), Li di: Sa a se ant mwen menm ak sèvitè mwen an, epi sèvitè mwen an ap jwenn sal mande a. Lè li di: {Ihdinas-siratal moustaqim, siratal ladzina an'amta 'alayhim, ghayril maghdoubi 'alayhim waladdallin} (Gide nou sou wout dwat la, wout moun ou te fè favè yo, pa wout moun ou fache kont yo a, ni wout moun ki egare yo), Li di: Sa a se pou sèvitè mwen an, epi sèvitè mwen an ap jwenn sa li mande a." »
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Piga nou fè kay nou yo tounen tonb, anverite, Satan kouri soti nan kay kote yo li Sourat Al-Baqarah a».
Sahih Rapòte pa Mouslim
« Lè final la pap rive toutotan solèy la pa leve bò kotel kouche a. Lèl leve epi moun yo wè li, yo tout ap kwè an menm tan. Men, se lè sa a vèsè a ap aplike: "Nan jou sa a, lafwa yon moun pap itil li anyen, si li pat kwè depi anvan, oswa si li pat fè byen pandan li te gen lafwa a." [Al-An'am: 158]. Lè final la ap rive toudenkou: gen 2 gason kap louvri yon twal (rad) ant yo pou yo vann, men yo pap gen tan vann li ni pliyel; lap rive pandan yon nonm fèk sot tire lèt bèt li, men lap rive anvan li gen tan bwèl; lap rive pandan yon moun ap repare basen dlo li (pou bèt li bwè), men lap rive anvan li gen tan bay bèt yo bwè ladan li; epi lap rive pandan youn nan nou ap leve manjel pou li mete nan bouch li, men lap rive anvan li gen tan manje li. »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li