Skip to content

Egzanp kwayan ki li Koran an se tankou fwi outroudja a (yon kalite sitwon), sant li bon epi gou li bon, epi egzanp kwayan ki pa li Koran an se tankou fwi dat la, li pa gen okenn sant epi gou li dous.

Daprè Abu Musa Al-Ash'ari (ke Allah satisfè avè l), li di: Mesaje Allah la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

"Egzanp kwayan ki li Koran an se tankou fwi Utrujja a (sitwon an), sant li bon epi goul bon. Epi egzanp kwayan ki pa li Koran an se tankou dat la, li pa gen sant epi goul dous. Epi egzanp ipokrit ki li Koran an se tankou plant Rayhana a (bazilik la), sant li bon epi goul anmè. Epi egzanp ipokrit ki pa li Koran an se tankou fwi Hanzala a (kolokent lan), li pa gen okenn sant epi goul anmè."

«مَثَلُ الْمُؤْمِنِ الَّذِي يَقْرَأُ الْقُرْآنَ كَمَثَلِ الْأُتْرُجَّةِ، رِيحُهَا طَيِّبٌ وَطَعْمُهَا طَيِّبٌ، وَمَثَلُ الْمُؤْمِنِ الَّذِي لَا يَقْرَأُ الْقُرْآنَ كَمَثَلِ التَّمْرَةِ، لَا رِيحَ لَهَا وَطَعْمُهَا حُلْوٌ، وَمَثَلُ الْمُنَافِقِ الَّذِي يَقْرَأُ الْقُرْآنَ مَثَلُ الرَّيْحَانَةِ، رِيحُهَا طَيِّبٌ وَطَعْمُهَا مُرٌّ، وَمَثَلُ الْمُنَافِقِ الَّذِي لَا يَقْرَأُ الْقُرْآنَ كَمَثَلِ الْحَنْظَلَةِ، لَيْسَ لَهَا رِيحٌ وَطَعْمُهَا مُرٌّ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li) te eksplike kategori moun yo konsènan lekti Koran an ak fason yo tire benefis ladan li: Premye kategori a: Kwayan ki li Koran an epi ki jwenn benefis ladan li, li tankou fwi outwouja a, ki gen bon gou ak bon sant, yon bèl koulè, ak anpil benefis. Konsa, li mache daprè sa li li a, epi li itil sèvitè Allah yo. Dezyèm nan: Kwayan ki pa li Koran an, li tankou yon dat: gou li dous, men li pa gen okenn sant. Kè li ranpli ak lafwa menm jan dat la genyen dousè nan goul ak nan anndan l, epi lefètke li pa degaje okenn sant pou moun pran an; se menm jan ak absans yon lekti ki soti nan kwayan an kote moun ta ka jwenn apèzman lè yap koutel. Twazyèm nan: Moun ki ipokrit kap li Koran an, li tankou yon plant Rayhan, li gen yon bon sant epi gou li anmè, paske li pa korije kè li avèk lafwa, epi li pa pratike sa ki nan Koran an, epi li parèt devan moun kòm yon kwayan. Donk, bon sant lan sanble ak lekti li a, epi gou anmè a sanble ak eta non-mizilman li a. Katriyèm nan: Ipokrit ki pa li Koran an, li tankou fwi kolokent lan; li pa gen okenn odè, epi gou li anmè. Absans odèl la sanble ak absans odè ipokrit la poutèt li pa li Koran an, epi gou anmèl la sanble ak anmè enkwayans li a. Konsa, anndan li vid san okenn lafwa, epi aparans deyòl pa pote okenn benefis, okontrè, li nwizib.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Esplikasyon sou merit yon moun ki pote Koran an nan kèl, epi kap metel an pratik.

Pami metòd ansèyman yo se bay egzanp; pou fasilite konpreyansyon an.

Yon Mizilman dwe gen yon pòsyon kontinyèl nan Liv Allah Toupwisan an.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (7/ 77) (5427).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 549) (797).

Plis (8)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (2/ 227).

نزهة المتقين.

لجمعٌ من المشايخ (1/ 741).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (12/ 568).

شرح رياض الصالحين.

للعثيمين (4/ 642).